15/09/2026
Yon plas pou chak bagay. Yon plas pou chak moun nan kè nou.
Nan liv sa yo, sitou L’Art du rangement ak L’Art de l’essentiel, ekriven fransè Dominique Loreau fè nou reflechi sou yon bagay ki enpòtan anpil e ki depase senpman mete lòd nan yon kay : fason nou òganize sa ki bò kote nou kapab chanje fason nou eksperimante sa kap pase anndan nou.
Pou li, dezòd la pa toujou inosan. Li ka pran espas, tan, enèji, atansyon ak menm lapè nou. Li ekri :
« Lorsque nous mettons de l’ordre autour de nous, nous en mettons également en nous. »
Li di tou : “Trop de choses nous envahissent? nous emportent et nous détournent de l’essentiel.”
Epi yon lòt refleksyon tou ki se :
“Les accumulations sont un fardeau. La multiplicité et la fragmentation également.”
Se poutèt sa RANJE, TRIYE AK JETE pa ta dwe konsidere kòm yon ti travay san enpòtans. Lè ou mete chak bagay kote li dwe ye, ou pa sèlman fè espas la vin pi bèl; ou rann lavi a pi fasil pou sikile ladan l.
Ou konnen kote bagay yo ye, ou pa pèdi tan ap chèche yo, ou diminye kantite desizyon ki ap tann ou, epi ou kreye yon anviwònman ki pa toujou ap rele pou atansyon ou. Loreau menm mete aksan sou lide sa a : « La beauté est une des seules choses pour lesquelles la vie vaut d’être vécue. Créer une belle vie est la plus élevée des vocations. » Pou li, lòd, pwòpte ak senplisite pa sèlman kesyon estetik ; yo kapab soutni fason nou viv.
Epi sa pa rete nan domèn filozofi sèlman. Sabine Kastner, ki se pwofesè sikoloji ak chèchè nan Princeton Neuroscience Institute, li montre rechèch sou atansyon nou ke sèvo a oblije filtre enfòmasyon ki nan anviwònman vizyèl nou.
Lè gen twòp bagay k ap fè konpetisyon pou atansyon nou, sèvo a dwe travay pi plis pou filtre yo. Se youn nan rezon ki fè yon espas ki twò chaje kapab rann konsantrasyon pi difisil epi fatige fonksyon kognitif yo.
Gen yon lòt etid ki te pibliye nan Journal of Environmental Psychology an 2025, yo te jwenn yon relasyon ant dezòd ki nan kay yo ak pi ba byennèt sikolojik, yon twouve ke gen yon pati nan relasyon sa a ki pase atravè fason moun apresye bote ak kalite anviwònman lakay yo.
Men gen yon bagay plis enpòtan toujou : se pa sèlman kay nou ki bezwen yon plas pou chak bagay; kè nou bezwen sa tou.
Gen moun ki dwe rete pre nou paske prezans yo pote lapè, sajès, ankourajman, koreksyon, lanmou ak kwasans. Gen lòt moun, okontrè, prezans yo se prezans dezòd tou : yo boulvèse lespri nou, vide enèji nou, fè nou doute tèt nou, ralanti kwasans nou oswa trennen nou tounen nan yon vèsyon nou t ap eseye kite dèyè. Epi pafwa, nou kontinye kenbe yo tou senpleman paske nou pa janm pran ti tan pou nou triye.
Tout moun pa dwe gen menm plas nan lavi nou.
Menm jan ou pa mete tout bagay nan menm tiwa, ou pa oblije bay tout moun menm aksè ak kè ou. Gen moun pou premye liy lan. Gen moun pou dezyèm liy lan. Gen moun ou ka renmen san ou pa kite yo antre twò fon.
E gen kèk relasyon ou bezwen mete pi lwen pase sa, pa paske ou rayi moun nan, men paske ou aprann pwoteje sa Bondye ap bati anndan ou a.
Yon plas pou chak bagay.
Yon plas pou chak moun nan kè nou.
Paske lè chak bagay jwenn plas li, nou respire pi byen. Lè chak moun jwenn plas ki koresponn ak plas li nan lavi nou, nou viv pi byen tou.
Pa kenbe sa ki ta dwe ale.
Pa mete sa ki presye nan plas sa ki pa vo anyen.
Pa bay tout moun aksè ak yon kè ki te fèt pou rete anpè.
Mete nan lòd. Jete. Triye.
Epi aprann bay chak bagay ak chak moun plas li.
SALON DE TRANSFORMATION