28/09/2025
Jounen mondyal Kontrasepsyon
Kek metòd natirèl
1-Abstinans
Nan metòd sa ni fi an ni gason an deside pa antre nan okenn rapò seksyèl
avantaj:
-Pa gen posibilite gwosès
-ou pa nan bwè medikaman
-li pa koute lajan
enkovenyan :
- li difisil pou sipòte
-li konn koze mezantant nan yon fwaye
2-metòd tanperati
Fonn konn tanperati kò a ogmante de 0.2 a 0.5° C nan moman ovilasyon an
Fi an ap gen poul pran tanperatil chak maten lèl leve, li dwe jwenn yon tanperati siperyè a 37°C lap konnen nan moman sa li nan peryòd ovilasyon li ,li pa dwe antre nan okenn rapò seksyèl sil pa vle ansent jiska 3 jou aprè tanperati monte an.
Avantaj:
-ou pa bezwen pran medikaman
-li pa koute chè wap jis bezwen yon tèmomèt
-li efikas
Enkonvenyan :
-li maladapte pa koup yo
-li pa aplikab lakay yon moun ki iletre
-fi kap travay nan nwit difisil pou aplikel
-si fi an ka gen fyèv pi metod la twoublew
-li pa proteje kont IST (infections sexuellement transmissibles )
3-Metòd glè sèvikal :
M pale nou anpil de glè sèvikal la pa vre? Nou konnen li pa anpil e li pwès lèw pa nan peryòd ovilasyon ou, donk lèw nan peryòd ovilasyon ou li vin abondan pil pi glise, nan aplikasyon metòd sa fi an dwe tate glè sèvikal la chak maten lèl leve, sil wèl abondan e likid lap konnen fòl pa al nan relasyon nan peryòd sa juskakel wèl pwès e pa abondan...
Avantaj :
-ou pa bezwen medikaman
-Li pa koute
- li pèmèt fi an konn fonksyonnman kòl byen
-li pa gen efè segondè
Enkonvenyan :
-Ou gen anpil chans pou echwe paske fow ka distenge diferan sekresyon ki nan vajen an
-Li pa proteje kont IST/SIDA
-gen risk enfeksyon paske menw ka sal ou penetrel, pi ou enfekte
Nou ka asosye metòd glè sèvikal la avèk tanperati an
Pataje pi tag yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry