Chita Koze Ak Dok Sheila

Chita Koze Ak Dok Sheila Chita Koze Ak Dòk Sheila se yon espas pou pale sou sante, lavi, fanmi, edikasyon ak siksè. Paske kèlkeswa kote ou sòti, avni ou pa oblije sanble ak pase ou.

Ansanm, n ap aprann, grandi, epi jwenn zouti pou avanse malgre defi lavi yo.

ONÈ, RESPÈ LASOSYETE!CHITA KOZE AK DÒK SHEILANOUVO SERI SOU SANTEApati semèn pwochèn, Chita Koze Ak Dòk Sheila ap kòmans...
21/08/2026

ONÈ, RESPÈ LASOSYETE!

CHITA KOZE AK DÒK SHEILA

NOUVO SERI SOU SANTE

Apati semèn pwochèn, Chita Koze Ak Dòk Sheila ap kòmanse prezante yon seri ti videyo sou diferan sijè ki gen rapò ak sante.

Chak videyo ap dire anviwon 5 minit, pou nou ka pran sijè yo ti kras pa ti kras, nan yon fason ki senp, klè, epi fasil pou konprann.

N ap separe chak sijè an plizyè ti pati, konsa nou ka pran tan nou pou nou pale sou diferan aspè enpòtan san nou pa mete twòp enfòmasyon nan yon sèl videyo.

POU PREMYE SERI A, NOU PRAL PALE SOU:

PERIMENOPÒZ AK MENOPÒZ

Nou pral pale sou sa k ap pase nan kò fanm pandan perimenopòz ak menopòz, sentòm ki ka parèt, chanjman òmonal yo, ak lòt enfòmasyon enpòtan pou ede nou konprann etap sa yo pi byen.

SERI SA A PA POU FANM SÈLMAN!

Li enpòtan tou pou gason konprann sa k ap pase nan kò fanm ki nan lavi yo — kit se madanm yo, mennaj yo, manman yo, sè yo, zanmi yo, oswa lòt fanm yo renmen.

Lè nou konprann chanjman yon moun ap travèse, sa ka ede nou gen plis pasyans, konpreyansyon ak sipò pou li.

Se poutèt sa, mesye yo envite tou! Vini aprann avèk nou. Sante fanm pa sèlman yon sijè pou fanm.

KI LÒT SIJÈ SOU SANTE OU TA RENMEN MWEN PREZANTE?

Ekri sijè ou ta renmen an nan kòmantè yo. Kesyon ak sijesyon nou yo ap ede m chwazi lòt sijè pou Chita Koze Ak Dòk Sheila.

Patisipe! Opinyon ou enpòtan pou sante nou tout.

Dr. Sheila Mary, ND, MD, MPH
Chita Koze Ak Dòk Sheila
Makaya Health Center
www.makayahealthcenter.com




20/08/2026

Ann Fòme Bon Gason Ak Bon Fanm, Pandan N ap Kòmanse Pa Moun Nou Wè Nan Glas La



19/08/2026

MÈSI LETA PEYI’M





18/08/2026

Devlope don disènman pou ou ka konnen ki moun ki moun toutbon. Paske se pa tout espès ki sanble ak moun ki moun vre.



Chita Koze Ak Dòk Sheila swete nou tout pase yon bòn semèn, an sekirite, chaje ak pwodiktivite.Mwen swete semèn sa a pot...
17/08/2026

Chita Koze Ak Dòk Sheila swete nou tout pase yon bòn semèn, an sekirite, chaje ak pwodiktivite.

Mwen swete semèn sa a pote pou nou anpil benediksyon, bon enspirasyon, nouvo opòtinite, ak bon direksyon pou nou konnen ki pa pou nou pran.

Mwen swete nou fè lajan pou nou manje, lajan pou nou peye tout bill nou, epi lajan anplis pou nou sere.

Ke tout pòt nou frape, e ki bon pou nou, louvri devan nou.

Ke tout gwo wòch ki sou wout nou pou anpeche nou avanse ak viv byen tounen pousyè.

Ke Linivè retire nan lavi nou tout moun ki pa bon pou nou, tout moun ki pa gen bon entansyon pou nou, epi mete sou wout nou moun ki gen bon kè, moun ki sensè, ki vle wè nou grandi, avanse, epi reyisi.

Ke chak desizyon nou pran ede nou avanse pi pre objektif nou.

Ke nou gen sajès pou nou rekonèt opòtinite ki bon pou nou, kouraj pou nou pwofite de yo, epi fòs pou nou kontinye avanse.

Pa dekouraje. Kontinye avanse, menm si se yon ti pa chak jou. Chak ti pa ka mennen nou pi pre kote nou vle rive nan lavi a.

Mwen swete nou tout sante, sekirite, pwogrè, favè ak anpil benediksyon pandan tout semèn nan.

Chita Koze Ak Dòk Sheila






15/08/2026

Pa Jan’m Fè Angnen Pou Angnen Nan Lavi. Lè Ou Gaspiye Enèji ou, Talan Ou, Santiman Ou, Lajan Ou, Amitye Ou, Kè Ou, Kò Ou, Men’m Linivè Ap Fè Ou Peye sa.
Videyo #1




14/08/2026

Pwomès Se Dèt! Men 1er Videyo Enfòmasyon Mwen Te Pwomèt Sou Zafè Komès Online Ke Moun’n Ka fè San Lajan, Ou Byen Ak Yon Ti Kras Lajan.




14/08/2026

Eske Lapè Enteryè Vle Di Manfouben?




Adresse

Cap-Haïtien

Heures d'ouverture

Lundi 10:00 - 17:00
Mardi 10:00 - 17:00
Mercredi 10:00 - 17:00
Jeudi 10:00 - 17:00

Téléphone

+14257808373

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Chita Koze Ak Dok Sheila publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Chita Koze Ak Dok Sheila:

Raccourcis

Partager