Vizit Dokte

Appeler Site Web

Vizit Dokte Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Vizit Dokte, Site web santé et bien-être, Delmas.

Organisme médical dédié à la VULGARISATION des connaissances médicales afin de compenser au manque criant constaté dans l’éducation sanitaire de la population haïtienne.

🚨 SISPANN PRAN ANTIBYOTIK LÈ W GRIPE! 🚨Ou gripe? Pa pran antibyotik! Sispann TANPRI moun mwen yo🇭🇹👉 Grip se yon enfeksyo...
17/09/2026

🚨 SISPANN PRAN ANTIBYOTIK LÈ W GRIPE! 🚨

Ou gripe? Pa pran antibyotik! Sispann TANPRI moun mwen yo🇭🇹

👉 Grip se yon enfeksyon viris.
👉 Antibyotik fèt pou konbat bakteri, pa viris.

Kidonk, lè w pran antibyotik pou yon grip ki pa gen enfeksyon bakteri ki akonpanye l, ou pa ap touye viris la. Ou jis ap ekspoze kò w ak antibyotik san nesesite.

⚠️ Epi lè nou pran antibyotik san bezwen oswa san preskripsyon doktè sa ka kontribye nan rezistans antibyotik. Sa vle di bakteri ki nan kò w yo ka vin reziste ak medikaman sa yo, epi yon jou lè ou gen yon enfeksyon bakteri ki bezwen tretman, antibyotik la ka PA MACHE jan li ta dwe mache a.

🛑 Pa pran antibyotik paske “se konsa w toujou fè”, “Se sa vwazinaj diw fè” osinon “se sa yon patnè w nan travay la te fè”.
Pa pran rès antibyotik ki te rete nan yon ansyen tretman w te kòmanse.
Pa bay tèt ou antibyotik san konsèy yon pwofesyonèl sante.

Pou pifò grip viral, tretman an se sitou repo, bwè anpil likid, epi soulaje sentòm yo selon bezwen moun nan. Si sentòm yo grav, yo dire lontan, oswa gen siy konplikasyon, konsilte yon pwofesyonèl sante.

Antibyotik se pa yon medikaman pou tout maladi. Ann kite antibyotik pou Doktè preskri nou sou responsabilite l .

Dr Lyne Vanessa Alexandre
www.vizitdokte.org

Vizit Doktè 🩺
Sante se yon dwa. Enfòmasyon se yon pwoteksyon.

Grip RezistansAntibyotik SantePiblik MedikalVulgarizasyon Ayit

🚨 ÈSKE W TE KONNEN VAJEN KA RETE LI “FÈMEN” POUKÒ L?Se pa blag. Se pa paske fanm nan pa gen filing pou patenè Seksyèl li...
16/09/2026

🚨 ÈSKE W TE KONNEN VAJEN KA RETE LI “FÈMEN” POUKÒ L?

Se pa blag. Se pa paske fanm nan pa gen filing pou patenè Seksyèl li.
Fenomèn sa ka rive lè yon fanm gen VAJINIS.

Vajinis se lè misk ki ozalantou vajen an kontrakte envolontèman, sa ki ka fè penetrasyon difisil ak anpil doulè oswa menm enposib.

Vajinis asosye ak laperèz, enkyetid, eksperyans seksyèl douloure oswa twomatik, ak kèk pwoblèm fizik, byolojik.

Li ka afekte relasyon koup la, entimite, konfyans fanm nan nan kò li ak estim li pou tèt li.

Gason yo dwe konnen sa ka rive pou yo ka adopte konpòtman ka a nesesite.
Lè patnè w gen doulè, pa fòse l. Pa akize l. Pa di li “pa renmen w”.

👉🏾 Koute l. Akonpaye l. Chèche èd medikal ansanm avèl. Paske se yon Pwoblèm MEDIKAL.

Vajinis se yon pwoblèm sante. Li pa yon wont. Li pa yon echèk. Se pa non plus yon KAPRIS FANM.
Medam, nou pa pou kont nou. Si sa rive nou yon fwa, 2 fwa, chèche èd.

Dr Lyne Vanessa Alexandre
Pou Vizit Doktè
www.vizitdokte.org
37434305

💇🏾‍♀️ OU KONN METE KOULÈ NAN CHEVE W?Ou janm mande tèt ou ki sa pwodwi sa yo ka fè anndan kò w? 🧬Cheve nou bèl ak KOULÈ,...
08/09/2026

💇🏾‍♀️ OU KONN METE KOULÈ NAN CHEVE W?

Ou janm mande tèt ou ki sa pwodwi sa yo ka fè anndan kò w? 🧬

Cheve nou bèl ak KOULÈ, men kèk pwodwi nou itilize sou li ka gen sibstans chimik ki kapab deranje fonksyònman òmòn yo.

🔬 Gen rechèch ki jwenn nan kèk pwodwi pou cheve sibstans tankou ftalat, parabèn, fenòl ak lòt pwodui chimik ki ka aji sou sistèm òmòn nou medam.

👩🏾‍🦱 Pou fanm nwa yo, kesyon sa a merite plis atansyon paske rechèch montre nou ekspoze pi plis ak kèk kategori pwodwi cheve, tankou defrizan ak lòt tretman chimik pou chanje aspè cheve nou.

⚠️ E fètilite?

Nou pa ka di koulè cheve oswa defrizan lakòz enfètilite lakay tout fanm.

Men gen etid ki montre yon asosyasyon ant itilizasyon kèk pwodwi chimik pou cheve, sitou defrizan, ak kèk chanjman ki gen rapò ak òmòn ak kapasite pou vin ansent.

Sa vle di nou bezwen plis rechèch, men nou bezwen plis Prekosyon tou.

🌸 Anvan ou mete yon pwodwi sou cheve w, li etikèt la.

✔️ Pa abize pwodwi chimik yo
✔️ Evite mete pwodwi sou yon po tèt ki blese oswa irite
✔️ Fè atansyon lè w ap melanje plizyè pwodwi
✔️ Si w ap eseye ansent, pale ak pwofesyonèl sante w sou pwodwi w ap itilize yo.

Bote pa dwe fèt odetriman sante nou. ❤️🏾

Cheve w enpòtan.
Men sante w pi enpòtan toujou.

Dr Lyne Vanessa Alexandre
www.vizitdokte.org

Vizit Doktè | Klinik Sante Fanm

🚨 ANVAN NOU MANDE LANMÒ POU YON MANMAN, ANN CHÈCHE KONPRANN MALADI KI KA KACHE DÈYÈ SA.Apre trajedi ki fè anpil moun sou...
22/08/2026

🚨 ANVAN NOU MANDE LANMÒ POU YON MANMAN, ANN CHÈCHE KONPRANN MALADI KI KA KACHE DÈYÈ SA.

Apre trajedi ki fè anpil moun souke kote yon manman ayisyèn ta retire lavi pitit jimo li yo, rezo sosyal yo chaje ak kòmantè ki mande pou yo touye manman an, joure l, madichonnen l epi prezante l tankou yon moun ki fèt san kè.

Men, kòm pwofesyonèl lasante, banm ede nou poze yon kesyon fondamantal:

E si dèyè zak sa a te gen yon maladi mantal grav?

Sa pa vle di yon ankèt pa dwe fèt. Sa pa vle di yon zak trajik pa gen konsekans. Men nou pa dwe kondane yon moun san nou pa chèche konprann eta sante mantal li, sitou lè gen enfòmasyon ki fè konnen li t ap viv yon depresyon apre akouchman.

🧠 KISA YO RELE BABY BLUES?

Baby Blues se yon eta tristès ak gwo sansiblite emosyonèl ki ka rive apre yon fanm fin akouche.

Nan jou ki swiv akouchman an, kò fanm nan sibi gwo chanjman. Gen yon chanjman rapid nan kantite kèk òmòn, sa vle di sibstans kò a pwodui pou kontwole anpil fonksyon, tankou atitid, dòmi ak emosyon.

Manman an ka:
🔹 Kriye fasil;
🔹 Santi l tris san li pa menm konnen poukisa;
🔹 Vin enkyè anpil;
🔹 Santi l fatige;
🔹 Fache oswa irite fasil;
🔹 Santi emosyon l ap monte desann.

An jeneral, Baby Blues la tanporè epi li amelyore nan kèk jou oswa kèk semèn avèk sipò ak swivi.

⚠️ MEN BABY BLUES PA MENM BAGAY AK DEPRESYON APRÈ AKOUCHMAN.

🧠 KISA DEPRESYON APRÈ AKOUCHMAN YE?

Depresyon apre akouchman, yo rele l tou depresyon post-partum, se yon maladi sante mantal ki ka parèt pandan gwosès la oswa apre akouchman.

Li pa senpleman vle di: “fanm nan tris.”

Se yon maladi ki ka afekte fason yon manman panse, santi, dòmi, manje, pran desizyon epi pran swen tèt li oswa tibebe li.

Li ka bay siy tankou:

🔴 Yon tristès pwofon ki pa pase;
🔴 Yon gwo santiman dezespwa;
🔴 Kriye souvan;
🔴 Pèdi enterè nan tout bagay;
🔴 Pa ka dòmi, menm lè li gen opòtinite dòmi;
🔴 Fatig ekstrèm;
🔴 Santi li pa vo anyen oswa li se yon move manman;
🔴 Gwo kè sote oswa enkyetid;
🔴 Izole tèt li;
🔴 Gen panse pou blese tèt li oswa blese tibebe a.

⚠️ LÈ GEN PANSE SA YO, SE YON SIY IJANS MEDIKAL AK SIKYATRIK.

Epi nan kèk sitiyasyon ki pi grav toujou, yon fanm ka devlope yon lòt maladi yo rele s*koz apre akouchman (post-partum psychosis).

Nan s*koz apre akouchman, moun nan ka pèdi kontak ak reyalite a. Li ka:

* tande oswa wè bagay lòt moun pa wè;
* kwè bagay ki pa reyèl;
* vin trè konfonn;
* aji yon fason ki pa nòmal pou li;
* pran desizyon ki mete li menm oswa pitit li an danje.

🚨 SA SE YON IJANS SIKYATRIK KI MANDE ENTÈVANSYON RAPID.

❗ MALADI PA VLE DI PA GEN RESPONSABLITE. MEN LI VLE DI NOU DWE KONPRANN SA K AP PASE.

Nan yon sosyete ki konnen twò piti sou sante mantal, nou gen tandans rele tout konpòtman nou pa konprann: “fou”, “move manman”, “dyab”, “san kè”.

Men yon moun ka malad grav epi anviwònman li pa rekonèt siy yo.

Yon manman ki fèk akouche pa ta dwe rete poukont li ak doulè li, fatig li, laperèz li ak panse li.

Fanmi an dwe konnen siy danje yo. Patnè a dwe aprann koute epi pran chanjman konpòtman yo oserye. Kominote a dwe sispann minimize soufrans manman yo.

Epi sistèm sante a gen yon gwo responsablite tou.

👉 Swen apre akouchman pa dwe sèlman konsantre sou tansyon, senyen, blesi oswa fason tibebe a ap grandi.

Sante mantal manman an dwe fè pati swivi medikal apre akouchman.

Pwofesyonèl lasante yo dwe poze kestyon sou:
🧠 atitid manman an;
😔 tristès li;
😰 nivo enkyetid li;
😴 dòmi li;
💭 panse li;
🚨 nenpòt panse ki ta ka mete li menm oswa tibebe a an danje.

⚠️ SISPANN FÈ JIJMAN; KÒMANSE FÈ PREVANSYON.

Lè yon trajedi rive, kestyon an pa dwe sèlman:

“Ki jan yon manman fè sa?”

Nou dwe mande tou:

❓ Èske te gen siy maladi a anvan?
❓ Èske yon moun te remake chanjman nan konpòtman li?
❓ Èske li te gen yon moun ki t ap sipòte l?
❓ Èske yo te fè yon evalyasyon sante mantal apre li fin akouche?
❓ Èske li te gen aksè ak swen s*kolojik oswa s*kyatrik?
❓ Èske sosyete nou an konnen kijan pou l rekonèt yon manman ki an kriz?

Pwoteje manman yo, se pwoteje timoun yo tou.

Olye nou reponn ak rayisman, menas ak apèl pou lanmò, ann reponn ak enfòmasyon, prevansyon, swen ak vijilans.

Nou bezwen pale plis sou depresyon apre akouchman. Nou bezwen fòme fanmi yo. Nou bezwen fè plis edikasyon sou sante mantal. Nou bezwen yon sistèm sante ki swiv manman an apre li fin akouche nan kò li AK nan lespri li.

📢 Yon manman ki malad pa bezwen stigmatizasyon. Li bezwen yo rekonèt siy yo, evalye l epi ba li swen ki adapte ak sitiyasyon li.

Paske medsin pa sèlman la pou trete maladi apre li fin fè dega. Li la tou pou rekonèt risk yo, fè prevansyon epi sove lavi.

E se poutèt sa vulgarizasyon medikal — sa vle di esplike enfòmasyon syantifik yo nan yon lang tout moun ka konprann — se pa yon liks.

Se yon zouti pou pwoteje lavi fanm yo. Se yon zouti pou pwoteje lavi timoun yo.

🩺 VIZIT DOKTÈ AP KONTINYE PALE. KONTINYE EKSPLIKE. KONTINYE FÈ PREVANSYON. PASKE YON SOSYETE KI PI BYEN ENFÒME, SE YON SOSYETE KI KA SOVE PLIS LAVI.

🔥 NOU JWE AK DIFE CHAK JOU… MEN ÈSKE NOU PARE POU N SOVE LAVI MOUN KI GRAVMAN BOULE AN AYITI?Chak jou, nou ekspoze tèt n...
20/08/2026

🔥 NOU JWE AK DIFE CHAK JOU… MEN ÈSKE NOU PARE POU N SOVE LAVI MOUN KI GRAVMAN BOULE AN AYITI?

Chak jou, nou ekspoze tèt nou ak anpil danje ki ka lakòz gwo boule : nou sèvi ak gaz pwopan san nou pa respekte prensip itilizasyon l, nou konn estoke gazolin nan move kalite galon anndan lakay nou, sitou lè gen rate gaz. Nou itilize recho chabon dife anndan kay, nou boule kawotchou nan manifestasyon, epi anpil moun ap boule fatra lakay yo osinon lan lari a pou yo debarase yo avè l.

Men gen yon gwo kesyon sante piblik nou pa pale ase sou li :

Èske Ayiti vrèman gen kapasite lopital ki nesesè pou pran swen yon moun ki gravman boule?

Yon moun ki gen gwo boule pa bezwen sèlman pansman. Li ka bezwen swen entansif, ekip medikal ki espesyalize, siveyans kontinyèl, kontwòl tanperati, prevansyon kont enfeksyon, operasyon, grèf po, bon nitrisyon ak reyadaptasyon pandan plizyè mwa oswa menm plizyè ane.

Òganizasyon Mondyal Lasante ak lòt enstitisyon espesyalize nan swen pou boule yo montre enpòtans pou gen yon sistèm swen ki byen òganize, ak pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon espesyal. Lè gen yon gwo dife oswa yon aksidan ki fè anpil moun boule an menm tan, sistèm sante a ka depase kapasite li byen vit.

Epi se la gwo feblès nou an parèt.

Nan yon peyi kote danje dife yo prezan chak jou, nou dwe rekonèt reyalite a : nou pa gen ase sèvis ijans, ase anbilans ki efikas, ase kapasite espesyalize, ni yon sistèm nasyonal ki byen prepare pou pran swen moun ki gravman boule.

🆘Nou bezwen an ijans 🆘 :

➡️ Yon sant nasyonal referans pou gwo boule;
➡️ Yon sistèm pou estabilize epi transfere pasyan yo byen vit;
➡️ Pwofesyonèl lasante ki resevwa fòmasyon espesyal sou swen gwo boule;
➡️ Yon sistèm transpò medikal ijans ki pi efikas;
➡️ Yon estrateji serye pou prevni dife ak boule;
➡️ Yon evalyasyon nasyonal klè sou vrè kapasite peyi a pou pran swen moun ki gravman boule.

E pandan n ap tann solisyon sa yo, NOU PA DWE kontinye boule fatra nou epi trete dife tankou se sèl mwayen nou genyen pou rezoud pwoblèm fatra. Nou DWE SISPANN ap manipile pwopàn, gazolin nenpòt jan an tou ! Pran responsabilite endividyèl nou sitwayen epi EGZIJE Leta pran responsabilite pa l tou !

Dife ka touye nan kèk minit. Yon gwo boule ka chanje lavi yon moun pou tout rès lavi li.

Kreye yon sistèm nasyonal espesyalize pou pran swen moun ki gravman boule se pa yon liks. Se yon nesesite pou sante piblik, sekirite sivil ak preparasyon peyi a devan katastwòf.

Nou pa dwe tann yon gwo katastwòf pou nou kòmanse poze kesyon sa a :

🔥 “SI YON GWO DIFÈ DEKLARE JODI A, KI KOTE N AP TRETE MOUN KI GRAVMAN BOULE YO?”

Dr Lyne Vanessa Alexandre
Vizit Doktè
www.vizitdokte.org

🆘Yon AVÒTMAN pasyan an te menm bliye wi tèlman l te Jèn lè sa te rive a Fè l pa ka FÈ PITIT jodia …🆘Èske w te Konnen ?… ...
19/08/2026

🆘Yon AVÒTMAN pasyan an te menm bliye wi tèlman l te Jèn lè sa te rive a Fè l pa ka FÈ PITIT jodia …🆘

Èske w te Konnen ?…
Gen bagay nou pa pale ase sou yo nan fanmi nou… sitou lè li gen rapò ak seksyalite, gwosès ak avòtman.

Nan yon sosyete kote avòtman rete yon sijè ki trè sansib e kote anpil fanmi pa santi yo alèz pou pale ouvètman ak adolesan yo sou seksyalite, kèk jèn fi ka pran desizyon AN KACHÈT lè yo tonbe ansent. Gen ladan yo ki ka chèche èd nan men moun ki pa kalifye oswa nan kondisyon ki pa an sekirite.

⚠️ Pwoblèm nan pa sèlman avòtman an li menm. Lè yon entèvansyon fèt nan move kondisyon, li ka lakòz enfeksyon grav, emoraji, blesi nan matris oswa lòt konplikasyon. Yon enfeksyon nan aparèy repwodiktif ki PA TRETE ka, nan kèk ka, mennen nan maladi enflamatwa basen epi lakòz pwoblèm fètilite.

💔 Se poutèt sa, nou pa dwe tann yon jèn fi tonbe nan yon sitiyasyon difisil pou nou kòmanse pale avè l.

Paran yo, pale ak pitit nou yo.
Pa fè seksyalite tounen yon sijè entèdi oswa yon sekrè. Bay yo bon enfòmasyon, aprann yo pwoteje tèt yo, epi fè yo konnen yo ka chèche èd medikal san yo pa bezwen mete lavi yo an danje.

👩🏽‍⚕️ Jèn fi yo bezwen enfòmasyon, sipò ak swen — pa jijman.

Si yon fanm oswa yon jèn fi gen doulè nan basen, lafyèv, move sant nan vajen, lap senyen anpil oswa lòt sentòm apre yon kèlkonk pwosedi pou Jete Pitit, li dwe chèche swen medikal pi vit posib.

Vizit doktè kwè nan yon bagay senp: Lè nou pale pi bonè, nou ka anpeche pi gwo trajedi.

Yon KITAJ ka fè w PÈDI POUVWA FÈ PITIT OU. 💔

Dr Lyne Vanessa ALEXANDRE
Vizit Doktè
www.vizitdokte.org

Prevansyon PaJije EnfòmasyonSePwoteksyon

🩸 ÈSKE W PRAN TANSYON W MATEN AN?Gen yon verite ki fè pè, men nou tout bezwen konnen l:TANSYON WO KA TOUYE W. ⚠️Pi gwo p...
18/08/2026

🩸 ÈSKE W PRAN TANSYON W MATEN AN?

Gen yon verite ki fè pè, men nou tout bezwen konnen l:

TANSYON WO KA TOUYE W. ⚠️

Pi gwo pwoblèm nan, se paske ou ka gen tansyon wo san ou pa santi anyen ditou. Ou ka leve maten an, benyen, abiye, al travay, fè tout aktivite w nòmalman… epi anndan kò w, tansyon an ap fè dega an silans.

Nan reyalite difisil n ap viv ann Ayiti a — estrès, ensekirite, tansyon sosyal, enkyetid ak anpil lòt presyon — nou pa dwe neglije tansyon nou. Se tankou yon EPE, yon KOULIN byen file ki pandye anlè tèt nou si nou pa kontwole l.

Nou menm moun nwa, nou gen yon risk ki pi wo pou devlope tansyon wo. Epi fason nou manje a, sitou lè gen anpil sèl nan alimantasyon nou, kapab ajoute sou risk la.

Se poutèt sa, pa tann tèt ou fè w mal pou w pran tansyon w.
Pa tann ou santi kèw ap bat fò.
Pa tann ou santi tèt vire.
Pa tann yon ijans rive.

🩺 Pran tansyon w regilyèman.
📋 Si li wo, fè yon pwofesyonèl sante evalye w.
🥗 Diminye sèl ak manje ki twò sale.
💊 Si yo preskri w medikaman, pran yo jan yo mande w la.
❤️ Pwoteje kè w, sèvo w ak ren w.

Paske pafwa, ou ka wè yon moun byen pwòp, byen pòtan, byen anfòm jodi a, l ap regle tout aktivite l… epi demen ou tande li tonbe nan koma. Apre sa, li mouri.

“Se pa manje yo manje l… se tansyon ki jete l!”

Pa kite se yon nouvèl tris ki fè w sonje tansyon w.
Dr Lyne Vanessa Alexandre
Vizit doktè

👉🏾 ÈSKE W PRAN TANSYON W MATEN AN?

SantePiblik vizitdokte kliniksantefanm

🩸YON BOUTON SOU FIGI W KA AP DI W YON BAGAY SOU RÈG OU!Medam, kò nou ap pale avèk nou chak mwa… men èske nou pran tan po...
17/08/2026

🩸YON BOUTON SOU FIGI W KA AP DI W YON BAGAY SOU RÈG OU!

Medam, kò nou ap pale avèk nou chak mwa… men èske nou pran tan pou nou koute l? 👀

Si ou remake kèk jou anvan règ ou, bouton kòmanse parèt sou figi w, youn nan bagay ki ka dèyè sa se ogmantasyon aktivite òmòn androjèn yo.

🧠 Lè androjèn yo plis KONSANTRE nan san w nan DEZYÈM pati s*k la, yo ka fè po a pwodwi plis SEBÒM (grès natirèl). Sa ka bouche PÒ yo epi favorize bouton.

💡 Pa sèlman gade dat règ ou. Obsève figi w, tete w, imè w, doulè w ka genyen ak lòt chanjman kò w pandan tout moman nan mitan 2 dat règ la.

Paske chak faz s*k règ la gen pwòp chanjman òmòn li. Lè ou aprann rekonèt siy sa yo, ou kòmanse konprann kò w pi byen. ❤️

📌 Men atansyon: Bouton anvan règ pa vle di otomatikman ou gen yon chanjman òmòn ki natirèl e san pwoblèm.
Si bouton yo vinn anpil, yo pèsistan, oswa yo vini ansanm ak règ ki deregle, yo akonpanye ak pwal sou figi/nan lòt pati nan kò w ki pat konn gen pwal avan, oswa lòt chanjman: Tout sa yo merite yon evalyasyon medikal.

Medam🌸 Konnen kò w. Obsève l. Koute l. Pran swen li fè pati de RESPÈ ak LANMOU nou dwe tèt nou.

Vizit doktè — paske konnen kò w se yon fòm pouvwa. 💜

Dr Lyne Vanessa Alexandre

Poukisa swen sante pou fanm ak tifi ann Ayiti bezwen chanje touswit? 🩺🇭🇹Ann Ayiti, fason yo pran swen fanm ak tifi nan s...
04/08/2026

Poukisa swen sante pou fanm ak tifi ann Ayiti bezwen chanje touswit? 🩺🇭🇹

Ann Ayiti, fason yo pran swen fanm ak tifi nan sèvis sante yo ap fè fas ak yon gwo pwoblèm: kesyon egalite ant sèks (apwòch sou jan) prèske pa egziste nan fòmasyon anpil pwofesyonèl lasante.

Feblès sa a, ansanm ak prejije ak tabou ki toujou egziste nan sosyete a, fè anpil fanm ak tifi sibi move eksperyans pandan y ap chèche swen. Sa ka gen ladan:
🔹 Mank konfidansyalite;
🔹 Swen san bon jan konsantman pasyan an; Fanm kap soufri te toujou nòmal; Sa fi a santi pa enpòtan
🔹 Mank respè pou diyite fanm yo; Blokaj kiltirèl
🔹 Vyolans ki baze sou sèks yo pa pran oserye pandan ke ka Vyolans sa yo ap ogmante chak jou nan peyi a…

Jodi a, li pa sifi sèlman pou bay swen. Nou dwe bay swen ki respekte diyite, dwa ak bezwen espesyal fanm ak tifi yo.

Ki jan nou ka chanje sitiyasyon sa a?

Youn nan pi bon solisyon yo se mete sou pye yon pwogram nasyonal sètifikasyon pou pwofesyonèl lasante ak enstitisyon medikal yo.

Sa ta pèmèt:
✅ Evalye epi sètifye kalite swen yo selon prensip egalite ant sèks;
✅ Fòme pèsonèl lasante sou estanda entènasyonal pou respekte dwa pasyan yo epi byen akeyi sivivan vyolans;
✅ Mete estanda kalite ki klè, serye ak mezirab nan lopital ak klinik yo.

Refòme fason nou bay swen medikal ann Ayiti se pa yon liks. Se yon etap enpòtan pou konstwi yon sistèm sante ki pi jis, ki respekte tout moun, epi ki pi solid pou lavni.

💬 E ou menm, kisa w panse?
Èske ou kwè sètifikasyon pwofesyonèl lasante yo nan Kesyon JAN kapab ede transfòme fason yo bay swen ann Ayiti?

Gen twòp TRAJEDI nan sosyete a akoz mank enfòmasyon. Yon koup ayisyen ki te ansanm depi plis pase 5 lane fini nan trajed...
16/05/2026

Gen twòp TRAJEDI nan sosyete a akoz mank enfòmasyon.

Yon koup ayisyen ki te ansanm depi plis pase 5 lane fini nan trajedi apre yon rezilta tès VIH pozitif.
Nan chèche konnen “kilès ki te pote viris la”, mari a touye madanm li… 💔

Men kesyon an se :
Èske nou ka vrèman konnen kiyès ki te pote VIH la nan relasyon an ?
Èske nou ka otomatikman akize enfidelite ?
NON.

VIH/SIDA pa sèlman transmèt nan relasyon seksyèl. Wi, relasyon seksyèl san pwoteksyon se youn nan prensipal mwayen transmisyon yo, men gen lòt risk anpil moun inyore :

🩸 Transfizyon san ki pa byen kontwole
🩸 Zegwi oswa enstriman ki gen san kontamine
🩸 Aksidan kote san yon moun antre an kontak ak yon lòt
🩸 Risk pwofesyonèl pou enfimyè, doktè, laboranten, ajan netwayaj lopital
🩸 Kèk materyèl byen file nan salon bote oswa kay kwafè si yo pa esterilize byen.

Depi plizyè lane, ak kriz sekirite a an Ayiti, anpil moun ap viv nan kan deplase yo nan move kondisyon. Sant tretman VIH yo te oblije kite lokal yo, anpil malad pèdi swivi ak medikaman yo. Mizè, deplasman, promiskwite, mank swen sante… tout bagay sa yo kapab OGMANTE kantite moun ki gen Viris sa nan san yo nan peyi a.

Se pa ak vyolans nou dwe reponn yon maladi.
Se pa ak akizasyon nou bezwen reponn yon rezilta tès.

Se ak DIALÒG, TÈS, TRETMAN ak ENFÒMASYON.

Yon moun ki viv ak VIH ka viv lontan ak tretman. Yon moun ki sou tretman e ki byen swiv ka menm pa transmèt viris la bay lòt moun.

Ann sispann stigmatize.
Ann sispann touye.
Ann aprann.
Paske enfòmasyon se pouvwa.

E anpil trajedi ka evite si pèp la byen enfòme. 🇭🇹

PS: M pa gen dwa sou foto a. M pran l sou entènèt la.

Dr Lyne Vanessa ALEXANDRE
www.vizitdokte.org

Adresse

Delmas

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Vizit Dokte publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager