07/09/2026
Le 7 septembre commémore le premier traitement d’un patient par accélérateur linéaire clinique, réalisé à Londres en 1953. Depuis 2025, cette date marque la Journée mondiale de sensibilisation à la radiothérapie, sous le thème « Une seule voix pour la radiothérapie ».
La radiothérapie utilise des rayonnements à haute énergie pour détruire les cellules cancéreuses ou freiner leur multiplication. Elle intervient dans le traitement de nombreux cancers, notamment ceux du sein, du col de l’utérus, de la prostate et du poumon, seule ou associée à d’autres traitements.
En Haïti, l’accès reste un défi majeur. L’absence de centre de radiothérapie dans le pays peut contraindre les patients à se faire traiter à l’étranger, ajoutant à la maladie coûts, déplacements, hébergement et éloignement familial.
En cette journée mondiale, rappelons que l’accès à la radiothérapie ne devrait pas dépendre du pays où l’on vit.
_________
7 septanm se dat ki komemore premye fwa yo te trete yon pasyan ak yon akseleratè lineyè klinik, nan vil Lond, an 1953. Depi 2025, dat sa a make Jounen Mondyal Sansibilizasyon sou Radyoterapi, sou tèm « Yon sèl vwa pou radyoterapi ».
Radyoterapi se yon tretman ki sèvi ak reyon ki gen gwo enèji pou detwi selil kansè yo oswa ralanti miltiplikasyon yo. Yo itilize l pou trete plizyè kalite kansè, tankou kansè nan tete, kòl matris, pwostat ak poumon. Yo ka itilize l poukont li oswa ansanm ak lòt tretman.
Ann Ayiti, jwenn aksè ak radyoterapi rete yon gwo defi. Paske pa gen sant radyoterapi nan peyi a, pasyan ki bezwen tretman sa a ka oblije ale aletranje pou yo jwenn li. Sa ajoute lòt difikilte sou maladi a: depans, vwayaj, lojman ak separasyon ak fanmi yo.
Nan jounen mondyal sa a, ann sonje: aksè ak radyoterapi pa ta dwe depann de peyi kote yon moun ap viv.