Kisa lamedsin di sou sa?

Kisa lamedsin di sou sa? Gen anpil pawòl sou lasante ki pase de jenerasyon an jenerasyon. Gen kèk ki gen yon ti bren verite men gen lòt ki pa janm verifye pa lasyans.
(1)

San meprize tradisyon, li enpòtan pou nou poze bon kesyon an : kisa lamedsin di sou sa ?

22/03/2026

Depi w piti,ou konn ap tande anpil bagay sou lasante…
“Fè sa”, “pa fè sa”, men yo pa souvan eksplike w poukisa,pa vre??

E ou vin grandi ak kesyon an san yon repons klè.
Pratik yo konn menm vin rete kòm abitid.

E si nou te kòmanse poze kesyon yo jan yo dwe poze?
E si repons yo te soti nan lasyans?

Se la lide pwojè sa a sòti:
Kisa Lamedsin di nan sa?

Yon randevou pou nou konprann, pa sèlman tande.

Randevou aswè a pou premye etap la.
Ann al aprann poze bon kesyon an, Kisa lamedsin di nan sa???

20/03/2026

Nou tout ki la deja gen lafyèv yon fwa nan lavi nou.
Fanmi nou, zanmi nou tou konn gen lafyèv..

Lè sa rive, tout moun gen yon konsèy:
*fè sa pou l desann…*

Men,kesyon an se pa sèlman kijan pou bese li…
*Kisa lafyèv la vrèman vle di?*

Nou pral mete limyè sou sa ansanm.

Èske nou pare?

Envite yon zanmi, envite yon fanmi w vin aprann ak nou: Kisa lamedsin di sou lafyèv.

https://www.facebook.com/share/r/17EoBC5X3U/?mibextid=wwXIfr

https://www.instagram.com/reel/DV1MZZUjdON/?igsh=MXRyejh3dGF6dTlzag==

Ministère de la Santé Publique et de la Population Medi6

20/03/2026

Ou pare??? #

13/03/2026
*"Kisa lamedsin di nan sa*" vini pou ede youn lòt  leve rido sou yon pakèt sijè ki konsène lasante ,  pandan nap aprann ...
13/03/2026

*"Kisa lamedsin di nan sa*" vini pou ede youn lòt leve rido sou yon pakèt sijè ki konsène lasante , pandan nap aprann ansanm poze bon kesyon an.

Ou ta renmen konnen :

Eske se vre byè bon pou pyè nan ren?
Eske la fyèv se yon maladi?
Kisa sa nou rele bouton la fyèv la ye?
Diskite sou kisa e kilè yon moun gen Sida?
Ak anpil lot sijè ke ou konn tande e ou pa konprann..

Rejwenn nou sou platfòm nou yo pou nou diskite ansanm

- https://www.instagram.com/kisalamedsindisousa?igsh=djFhdHI3YWw1cGhr&utm_source=qr

- https://whatsapp.com/channel/0029VbC4vfTBA1eqhukLBI05

Follow Kisa lamedsin di sou sa???'s WhatsApp channel. Join 119 followers for the latest updates.

06/03/2026

•••🚨📰

Jodia nou rantre lakay ou pou nou prezante w yon espas kote wap pale, map pale, nap pale sou kwayans ak konesans nou genyen sou plizyè sijè ki konsène sante nou. Nap poze kesyon nap chèche repons ki baze sou syans
Nap konpare kwayans ak prèv syantifik paske sante se lavi.

Vin konnen kisa pwojè a ye vrèman.

Randevou kase 21 Mas a 21h

Byenvini nan espas la👋🏽

https://whatsapp.com/channel/0029VbC4vfTBA1eqhukLBI05

Adresse

Village EKAM
Limonade

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Kisa lamedsin di sou sa? publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager