Santé actualité.Dr.Prud'homme

Santé actualité.Dr.Prud'homme Dr.Prud'hommeCarlou

07/06/2026

Men saw dwe konnen sou 5 jwè ayisyen sa yo,pa pase sou videyo sa san kew pa gadel.like&kòmante&abòne&pataje.

Ayiti te fè yon premye mitan solid, men li pa t rive kenbe menm ritm ak menm efikasite a apre repo a. 🇭🇹Pewou pwofite mo...
06/06/2026

Ayiti te fè yon premye mitan solid, men li pa t rive kenbe menm ritm ak menm efikasite a apre repo a. 🇭🇹

Pewou pwofite moman feblès yo pou ranvèse match la 2-1. Yon bon leson pou Grenadye yo pandan preparasyon an ap kontinye. ⚽

Ann fè yon ti pale de maladi ki rele pyè nan ren an.Like&abòne&kòmante pataje tèks lan pou plis moun ka genyen konesans ...
05/06/2026

Ann fè yon ti pale de maladi ki rele pyè nan ren an.
Like&abòne&kòmante pataje tèks lan pou plis moun ka genyen konesans desa.

Kisa pyè nan ren an ye?
Se yon konpoze solid ki tankou ti wòch ki al fòme nan ren an ou byen nan kanal ki relye ren an ak vesi an sa nou rele uretère an.
Gwosè yo varye e pi souvan yo gen kalsyòm ou byen asid irik nan konpozisyon yo.

Maladi sa ou jwenn li plis lakay gason ke lakay fi,e li fòme pi souvan nan epòk chalè an ete.
Lè yon pyè al bloke nan youn nan kanal ki relye ren an ak vesi an,sa vin anpeche ou byen ralanti pasaj p**i an alòske ren an kontinye ap prodwi p**i,lè p**i sa yo vin twòp,yo pral fè yon gwo presyon sou pyè an,sa pral deklanche sentòm pyè nan ren an.

Kisa ki koz pyè nan ren an?
Gen divèz koz ki ka pèmet fòmasyon pyè an.
-Yon enfeksyon irinè kronik.
-Yon dezidratasyon,se koz prensipal lan.
-Manje konsèv tankou sosis,janbon,somon,pwason sale.
-Aspè jenetik,se lè yon manb nan fanmiw te fèl deja.
-ipètansyon
-Yon malfòmasyon anatomik nan ren an.
-Kèk maladi tankou:sik,obezite,yon dyare kronik,maladi de Crohn,hypèparatiroid.

Diferan tip pyè selon konpozisyon yo?
-Pyè a kalsyòm (ozalat de kalsyòm ou fasfat de kalsyòm) ki reprezante 80% ka yo.
-Pyè avèk asid irik 20% nan ka yo.

Ki siy ak sentòm li?
Pi souvan li manifeste pa yon gwo doulè yo rele kolik nefretik ki gen karakteristik pwòp ak li menm.
-Doulè sa sitiye swa nan do ou byen sou kote vant lan,li konn travèse anba vant lan,rive jis nan pati jenital lan,si se yon gason li kapab santi doulè an nan boul grenn li tou(testikil),si se yon fi li ka santi doulè an nan bouboun li.
-Doulè an kòmanse pi souvan pandan moun nan ap p**i e li vini britalman.
-Doulè sa talman atwòs ke yo konsidere kòm 3em doulè ki pi di,entansite doulè sa pafwa depase entansite doulè yon akouchman.
-Doulè a konn akonpanye ak anvi vomi, vomisman san nan p**i,anvi fè p**i de tanzantan(pollakiurie),fyèv,doulè pandan wap p**i,transpirasyon.
-li vini pa epizòd,chak kriz ka dire ant 10 minit jiska plizyè è.

Ki trètman yo fè pou maladi sa?
Se yon ijans medikal,priyorite an se soulaje doulè an epi evakye pyè an.
Premye sa poun fè,kontreman ak sa yo konn konseye nou,pa kite moun nan bwe dlo anpil,mwens ke 1 lit dlo pa jou,pou diminye presyon p**i an.

Dezyèm sa poun fè se kouri ale avèl lopital.
-Doktè a pral mete sou analjesik pou kalme doulè an.
-Nan 10 a 20% nan ka pyè nan ren yo,yon operasyon konn enpotan pou retire wòch ki twò gwo yo.

Gen kèk manje ki ka ede ou byen soulajew tankou.
-manyezyòm,yo remake li ka evite fòmasyon kalkil yo pa plizyè fason.

Prevansyon kont pyè nan ren?
1)Bwè anpil dlo 2 jiska 3 lit dlo pa jou pou diminye fòmasyon pyè an.
2)Pratike egzèsis fisik.
3) Manje anpil fwi ak legim.
4)Verifye medikaman wap pran yo,paske gen medikaman ki konn ogmante risk lan.
-Redwi konsomasyon proteyin.

Evite kèk manje.
-Si se pyè okzalat tankou chokola,kafe,thé,diminye sou kantite kalsyòm wap pran chak jou.
-Pyè asid irik,tankou somon,fwa,vyann wouj ke nap manje.
-Epi si nou abitye gen kriz la nou dwe evite,epina,seleri,bètrav,frez,nwa,manba.

Kisa li ka bay kòm konplikasyon ?
An jeneral, konplikasyon yo ra depi moun nan sou trètman.
Men nan ka kontrè an.
-Ka gen yon enfeksyon ki devlope.
-Li ka gen repèkisyon sou ren an.

Like pataje tèks lan.

Dr.Prud'homme
Klike sou linck lan pou abòne.
https://www.facebook.com/share/18wmmTeZ9X/

02/06/2026

Daprè dènye nouvel yo bagay lan pa dous ditou pou Etats-unis.pa pase sou videyo sa san kew pa gadel

Me kòman Brezilyen yo deja ap fè mayo Ayiti♥️Brezil pou al chofe Ayiti ak Brezil nan Mondyal la, mayo yo kòmanse vann ta...
01/06/2026

Me kòman Brezilyen yo deja ap fè mayo Ayiti♥️Brezil pou al chofe Ayiti ak Brezil nan Mondyal la, mayo yo kòmanse vann tankou pate cho

Sise nèg isit yo t'ap di'w ou pa patriyòt, fòk nou konnen foutbòl la se Biznis suspann ak ti mantalite nou an ,yon Ayisyen ki deside fè mayo Ayiti♥️Brezil l'ap gen yon bèl ti rantre ,paske men'm jan ou men'm Ayisyen ou renmen Brezil la ,konsa Brezilyen renmen Seleksyon Ayisyenn lan, nou ka Sezi nan match Ayiti Brezil la ,gen plis Brezilyen ki gen mayo Ayiti ya ke Ayisyen, paske yo achte mayo Ayiti anpil

Yo renmen Nazon anpil ,yo tout ap mande mayo Nazon, Nazon se tankou se Neymar nan Peyi Brezil 🫂♥️

01/06/2026

Men rezon ki fè Iran paka lanse yon misil pou rive nan tèritwa Americain an.

Enkwayab PSG chanpyon.
30/05/2026

Enkwayab PSG chanpyon.

Batolinit jodia nou pral palew de li.envite zanmiw fanmiw vinn li avew se vreman enteresan.Like&abòne&kòmante&pataje tèk...
30/05/2026

Batolinit jodia nou pral palew de li.
envite zanmiw fanmiw vinn li avew se vreman enteresan.
Like&abòne&kòmante&pataje tèks lan pou plis moun ka gen yon ide desa.

Kisa batolinit lan ye?
Batolinit lan derive de yon gland ki rele batolen kew trouve lakay fi,gland sa sitiye sou chak bò nan bouboun nan, batolinit lan se yon enflamasyon ki genyen nan gland batolen yo.

Fonksyon gland batolen an?
Li sekrete yon sibstans yo rele cyprine ki kontribye pou librifye vagen an e se gland sa ki la pou lave andedan bouboun nan.zòn ki afekte a vinn wouj e kreye yon absè batolen,fanm yo ekspoze a batolinit jiskaske yo rive nan laj menopoz.

Kisa ki koz batolinit ?
Batolinit lan koze pa yon enfeksyon bakteryèn,an jeneral pa escherichia coli,stafilokòk ak streptokòk.ou kapab genyen enflamasyon sa swa nan youn ou byen nan tou de gland batolen yo,sa vle di likid nan vagen an paka sikile lib anko.
Si li pèsiste pou yon ti tan,li ka bay yon absè batolen paske likid ki nan gland lan ki pa sòti an pral koze absè.
Enfeksyon seksyèlman transmisib(IST) pa egzanp gonore(ekoulman ki gen koulè jòn) ou klamidia.

Ki siy ak sentom batolinit lan?
Li pa gen yon sentom ekzat(klè)
-Yon boul nan antre bouboun nan.
-Doulè lokalize.
-Zòn ki afekte a ap vinn wouj.
-Lè li lakoz doulè an,li ka fèw paka reyalize bagay ki senp tankou mache oswa chita sou yon chèz.
-Fyèv ak malez jeneral m'en ki pa toujou prezan.

Kòman yo dyagnostike maladi sa?
Doktè an ap fè yon egzamen fizik nan zòn ki afekte an poul detekte enflamasyon an aprè li pral voyew fè egzamen laboratwa.
-Egzamen bakteryolojik pou ka konfime enfeksyon an e idantifye ki jèm ki bay li.
-IRM(imajri rezonans manetik) pou konfime,an ka de dout.

Kijan trètman batolinit lan fè?
Pou trete enfeksyon an,doktè an ap preskriw antibyotik.
Nan ka ki pi grav yo doktè an ap fè yon entèvansyon chirijikal poul ka fann kote a poul retire likid la ou byen pi an.

Kòman pou fè prevansyon batolinit lan?
Pa gen okenn fason pou fè pou evite a 100%.batolinit lan tout fanm ekspoze ak li,pi gro risk lan lè yon fi ap antre nan laj jiskaske yo rive nan menopoz.
Men gen kèk konsèy ki enteresan.
Li enpòtan pouw gen bon jan abitid ijyèn epi mete rad konfòtab,evite mete kilòt ki tro sere bòbòt la,mete kapòt lè wap fè bagay,epi fè depistaj chak 1 an.
An ka enfeksyon seksyèlman transmisib ou dwe swiv trètman medikal lan.

Mèsi se tout enfomasyon sa yo mw te pote pou nou.

Nou konte sou sipòw ak èd ou ki se abòne e pataje piblikasyon nou yo.

Dr.Prud'homme
Klike pouw abòne avek paj lan.
https://www.facebook.com/share/1E15QRaJ3r/

🚨 𝗔𝗟È𝗧 𝗘𝗡𝗙𝗢̀Daprè plizyè rapò ki ap sikile nan medya espòtif yo, José Mourinho ta deja siyen yon kontra pou li retounen ...
30/05/2026

🚨 𝗔𝗟È𝗧 𝗘𝗡𝗙𝗢̀
Daprè plizyè rapò ki ap sikile nan medya espòtif yo, José Mourinho ta deja siyen yon kontra pou li retounen kòm antrenè Real Madrid.

📌 Sa yo di nan enfòmasyon yo:

𝐌𝐨𝐮𝐫𝐢𝐧𝐡𝐨 𝐭𝐚 𝐦𝐞𝐭𝐞 𝐬𝐢𝐲𝐚𝐭𝐢 𝐥 𝐬𝐨𝐮 𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐫𝐚 𝐬𝐞𝐦𝐞̀𝐧 𝐩𝐚𝐬𝐞
𝐊𝐨𝐧𝐭𝐫𝐚 𝐚 𝐭𝐚 𝐤𝐚 𝐫𝐢𝐯𝐞 𝐣𝐢𝐬𝐤𝐚 𝐣𝐞𝐧 𝟐𝟎𝟐𝟗
𝐀𝐧𝐨𝐧𝐬 𝐨𝐟𝐢𝐬𝐲𝐞̀𝐥 𝐥𝐚 𝐭𝐚 𝐝𝐰𝐞 𝐟𝐞̀𝐭 𝐚𝐩𝐫𝐞 𝐞𝐥𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐫𝐞𝐳𝐢𝐝𝐚𝐧𝐬𝐲𝐞̀𝐥 𝐤𝐥è𝐛 𝐥𝐚

⚠️ Men pwen enpòtan pou pa bliye:
Jiska prezan, pa gen okenn konfimasyon ofisyèl ni nan Real Madrid ni bò kote Mourinho.

29/05/2026

Problèm pou Bresil eske sevre Neymar,pap ka ale nan mondyal vre a koz li blese.ann tande sa abòne,like,kòmante.

Adresse

Limbé
Nord

Téléphone

+50936611493

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Santé actualité.Dr.Prud'homme publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Santé actualité.Dr.Prud'homme:

Partager

Type