04/08/2024
Lizay alawonnbadè 🍃
---------------------------
Jodi a nou pral pale sou lèt manman ( allaitement maternel )
🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺
🗣️ Bonswa Dòk ❗ Kòmanw ye ❓
🥼 Bonswa Pasyan m, Mwen anfòm e ou menm ❓
🗣️ Mwen anfòm Dòk mwen. Mgen kèk kesyon mwen anvi pozew wi Dòk mwen
🥼 Pale avèm, map koute ou
🗣️ Dòk yo toujou ap pale de lèt manman kote lèt sa sòti menm ❓
🥼 Lèt sa sòti nan gland mamè yo ( glandes mammaires ) li aktive sèlman aprè gwosès fi a.
🗣️ Men Dòk gen fi lèt li pa monte poukisa❓
🥼 Se pa monte li pa monte, men manman yo derefize kite bebe rale l , paske toutotan bebe a ap rale se toutotan kò fi a ap libere Pwolaktin ( Prolactine ) pou tete a pwodwi lèt
🚨 Men gen kèk fwa tou moun sa ka pèdi twòp san, oubyen ka rete kèk ti moso placenta nan matris fi a ki ka retade lèt la pandan yon 2 oubyen 3 Jou konsa.
🗣️ Dakò Dòk men poukisa yon manman ta dwe bay tete ❓
🥼 Gen plizyè bagay, lap bon ni pou manman , ni pou timoun nan
✨ Li pèmèt matris la reprann plas li pi rapid
✨ Li redwi sou chans pou ta gen kansè nan tete, ni nan ovè ( ovaires ) avan menopoz ( ménopause )
✨ El redwi sou chans pou ta fè yon maladi Nan zo yo rele ostewoporoz ( oesteoporose ) aprè menopoz ( ménopause )
POU TIMOUN NAN LI
🚨 Enpòtan pou bal premye lèt ki sòti a li souvan pwès el gen yon koulè jòn yo rele lèt sa ( Colostrum ) li enpòtan anpil pou bebe a, aprè premye semèn yo lap chanje lè sa fi sa vin gen yon lèt yo rele ( lait transitionnel ) pou aprè li vin ( lait mature )
🚨 Pèmèt li konbat kèk vye maladi ki ta vle atake sistèm ni tankou pwoblèm vant ak entesten ( gastro-intestinales ) elatriye ...
🚨 Li pèmèt timoun nan jwenn sèl minero ( sels minéraux ) ak kèk vitamin ( A, E, K ) elatriye....
🗣️ Konbyen tan yon timoun ta dwe fè ap tete Dòk ❓
🥼 Lojikman li ta dwe 6 mwa men sa konn rive jis 1 an . Gen moun menm ki konn kanpel a 2 zan😃
🗣️ Ki lè ki pi bon pou yon bebe tete Dòk ❓
🥼 Nan nwit li toujou bon poun bay timoun yo tete, paske nan nwit Pwolaktin ( prolactine ) yo travay pi byen e lèt la pi gra tou🤌🏽
🗣️ Dòk gen timoun ki konn pran mikwòb pandan lap tete ❓
🥼 WI si manman pa pran swen tèt li, paske chak ou pral bay timoun nan tete ou dwe netwaye pwent tete a nòmalman
🗣️ Kisa yon fi ta dwe pa pran lè lap bay tete ❓
🥼 Yon manman kap bay tete dwe evite Alkòl ak kafeyin ( caféine )
🗣️ Ebyen ok Dòk mwen mèsi pou enfòmasyon sa yo, male wi,map retounen poun repale ankò 🙌🏽 Orevwa Dòk ❗
🥼 Pa gen pwoblèm pasyanm , map tann ou. Orevwa 🙌🏽
🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺🩺
🎗️ Ann ABONE
🎗️ Ann like
🎗️ Ann kòmante
🎗️ Ann pataje
Ann pran swen timoun yo
SeTeYonKonsèy
-------------------------------
MedEduc 🩺