07/03/2026
Men tout chanjman ki fèt nan yon fanm ansent,na sispann rabese fanm e ba manman nou lanmou pandanl vivan ,pataje tèks siw respekte lavi, siw respekte fanm
Anpil moun konn sitou panse gwosès se sèlman vant fi an ki gwo men yo pa konnen se tout kò an ki transfòme pou bebe an rive viv anndanl oubyen kòl sibi konsekans bebe ki vant li an
Avan nou men yon ti konesans paske nou souvan konfonn sa
Pouw konn trimès yo
Premye trimès:0-14 semenn
2eme trimès: 14 a 28 semenn
3 eme trimès: 28 jiska akouchman
Gen chanjman lakay yon fi ki ansent ki diferansyel de yon fi ki pa ansent , se bagay nou ka jwenn lakay yon fi ansent
Nb: li pa oblije prezante tout...
-Kèl vin pi gwo gen plis sichaj li pral gen plis likid poul ponpe
-Venn li vin dilate , "muscle lisse " li yo relache e presyon matris la ap fè sou yon vèn yo rele "veine cave inferieur" la a" veines illiaques " yo vin bay fanm ansent varis ki se lè veine yo tòde nou ka we yo nan Pye moun nan, se menm bagay sa ki koze fanm ansent konn gen emowoyid, emowoyid se venn ki nan rejyon anis la ki dilate
- volim sanl ogmante de 50% a koz de bebe poul bay oksijèn, anpil ayisyenn anemi se sak fè Lew ansent fòw al lopital pou wè siw merite fè , yon fi ki ansent bezwen 1000 mg fè, 500 pou globil wouj yo( selil nan San ki pou transpòte oksijèn nou respire yo pou Potel bay lòt òga'n yo pou kò an ka pwodwi enèji pou kenbel an vi) 300 mg fè pou bebe ki nan vant li an e 200 mg pou akouchman, nou wè poukisa yo konn bay fanm ansent tablèt fè poul bwè
Gwosès la pote 6.7 l dlo nan kò fi a ,3.5 l pou bebe ki nan vant li an, pou likid amniotik la( ki se likid bebe an ap naje nan vant manmanl) li jwe yon wòl pou anpeche bebe an pran chòk nan vant manmanl ,li pèmet bebe an fè echanj tou pandanl nan vant manman)
3l pou manman, matris la, tete ,pou tisi(yon ansanm de selil) ki nan nan atikilasyon yo se sak fè nou konn tande fi ansent konn ap plenyen de doulè nan do , oubyen nan senti
Akoz de vèn yo ki konprese avèk anpil likid li gen nan kòl pye fanm ansent lan konn gwo a menl tou,Konsa vizaj li, ponpyèl, extremite yo konn gen "oedeme" yo gonfle
"Oedeme "nan se lè espas ki sapare tissu yo vin gen twop dlo deja fonn raple nou fi a pran 6.5 l dlo lel ansent
men sin ta remake yon sèl kou kòl anfle anpil se kouri al kay Dr se konn siy eklanpsi
-Lap pran pwa
Sa lye a matris la, sen yo, dlo ki ogmante a fi a pran 24 lb lèl ansent ,2 lb pou premye trimès la , 11 pou 2 eme trimès, 11 pou 3 eme nan. Nou konprann
Yon fanm pa dwe megri pandanw ansent, si sa rive se kouri al kay Dr
- li konn gen difikilte poul respire(m te pale de sa nan yon tèks li sou paj la)
Li konn ap plede al p**i souvan lèl ale li pa bay anpil p**i nan premye trimès la se a koz de matris la kap konprese vessi(blad ki kenbe p**i an ), nan fen gwosès la se tèt bebe konn ap konprese vesi an
Fi an konn gen oesophagite( tib ki pou pèmèt manje desann nan estoma anfle) se a koz de refli asid ki nan estomac kap plede monte nan gòj li, se matris la ki pran volim ki pral konprese estoma pi asid la pral pase de estoma a "oesophage" se sak fè fanm ansent konn ap plenyen de yon doulè anba kè ,li santi bagay kap Monte
-fi a konn konstipe, se sak fè avan chak akouchman yo konn fè fi a vide entesten se pou lè l ap pouse bebe la poul evitel kontamine nan twalèt la
Konstipasyon an se a koz yon òmonn ki rele "progesterone "nan ki ralanti mouvman entesten (trip)yo, e yon lòt bagay ki kozel konstipe tou men se sitou nan fen gwosès la se akoz de matris la ki konprese trip la
Matris yon fi ki pa ansent peze 70g e gen yon kapasite de 10 ml , matris yon fi ki ansent peze 1100 g e gen yon kapasite de 10 l ou plis
Aprè fegondasyon moun nan pa sipoze ovile , a koz de corps jaune nan kap sekrete progesterone nan, si gen yon problem nan sekresyon progesterone nan ,sa ka fè moun nan fè yon avòtman, se youn nan rezon ki konn koze fi fè avòtman san yo pat atenn sitou fi ki fè kis nan ovè ki rive ansent sa konn rive yo
Pol ka gen vèjeti(mak pitit)se a koz kò detire a koz de pwa li pran aprè akouchman kò ratresi ki kozel
li ka gen sa yo rele linea nigra yon liy ki sot depi nan lonbrit li poul abouti a basenl
li ka gen chlosma ou melasma yo rele mak gwosès tach sa yo konn pouse nan vizaj li nan koul e kap disparèt aprè akouchman
Fanm ansent lan konn vin pi nwa ,Koulè moun nan ki fin fonse a se a koz de sekresyon melanocyte-stimulating hormone( MSH)
Aprè 2 mwa senl ogmante volim , pwent tetel vin fonse pi yo kanpe , pi nan fen mwatye gwosès la sil mase tetel li ka wè yon sekresyon Jòn kap sot ladann , ki se colostrum nan , si l tetel ap bay sekresyon avan lè se kouri al kay Dr rapid li pral sibi siy avòtman
Tiwoyid li konn ogmante volume tiwoyid lan se yon gland ki nan kouw.se sak fè kou fanm ansent yo konn gwosi
jansiv li konn anfle,men ki disparèt aprè akouchman
Chevel konn tonbe
Zyel konn gen yon tach wouj ki disparet aprè akouchman
Li konn gen acne
Yon fi ansent konn Chanje imé a koz de chanjman nan sekresyon omòn yo donk fonn sipòte yo
Like &pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Tag yon manman, yon futur manman, yon fi ki ansent vin li avè nou pou yo proteje tèt yo
Norbrun Kerry Care-ry