Ecole Supérieure de Nutrition - ESUN

Appeler Itinéraire Site Web Contacter l'entreprise

Ecole Supérieure de Nutrition - ESUN Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Ecole Supérieure de Nutrition - ESUN, Nutritionniste, 8, Rue J Perez, Delmas 29, Port-au-Prince, Delmas.

04/06/2026

Formez-vous à la nutrition scientifique et transformez votre pratique — cours certifiants pour débutants et professionnels. Inscrivez-vous à la prochaine session. S'inscrire « Former aujourd’hui les experts qui nourriront le monde de demain. » Mieux nous connaître Notre Vision et Notre Mis...

NITRISYON SE PA SÈLMAN YON KESYON MANJE. SE YON KESYON DEVLOPMAN.Bonjou tout moun,Lè anpil moun tande mo nitrisyon, prem...
04/06/2026

NITRISYON SE PA SÈLMAN YON KESYON MANJE. SE YON KESYON DEVLOPMAN.

Bonjou tout moun,

Lè anpil moun tande mo nitrisyon, premye bagay ki vin nan lespri yo se manje. Men reyalite a pi laj anpil pase sa.
Jodi a, syantis yo, gwo inivèsite yo, ansanm ak enstitisyon entènasyonal tankou Bank mondyal, OMS ak UNICEF dakò sou yon verite fondamantal: nitrisyon se youn nan pi gwo motè devlopman yon peyi.
Se pa yon opinyon. Se sa rechèch yo montre.
Men 5 rezon enpòtan ki fè nitrisyon depase kestyon lasante sèlman:

1️⃣ Nitrisyon enfliyanse kapasite timoun yo pou aprann

Premye 1,000 jou lavi yon timoun (soti nan gwosès rive jiska laj 2 zan) se yon peryòd kritik pou devlopman sèvo a. Lè yon timoun pa jwenn bon nitrisyon pandan etap sa a, sa ka afekte kapasite li pou aprann, konsantre ak reyisi lekòl pandan tout lavi li.

2️⃣ Nitrisyon soutni kwasans ekonomik

Move nitrisyon lakòz pèt pwodiktivite, ogmante depans sante epi diminye kapasite travay yon popilasyon. Anpil etid montre chak dola envesti nan nitrisyon kapab jenere plizyè fwa plis retou ekonomik pou sosyete a.

3️⃣ Nitrisyon bati kapital imen

Kapital imen se sa ki pèmèt yon peyi pwogrese: konesans, konpetans, kapasite fizik ak mantal sitwayen li yo. Yon timoun ki byen nouri gen plis chans devlope tout potansyèl li epi vin yon granmoun ki kapab kontribye nan avansman kominote li ak peyi li.

4️⃣ Nitrisyon amelyore pwodiktivite

Bon nitrisyon pa sèlman ede moun evite maladi. Li amelyore enèji, kapasite refleksyon, rezistans fizik ak pèfòmans nan travay. Se youn nan faktè ki enfliyanse pwodiktivite nan tout sektè yo: edikasyon, agrikilti, antreprenarya, sèvis ak endistri.

5️⃣ Nitrisyon enfliyanse plizyè jenerasyon

Nitrisyon yon fanm anvan ak pandan gwosès gen enpak dirèk sou devlopman pitit li. Sa vle di efè bon oswa move nitrisyon kapab pase soti nan yon jenerasyon pou yon lòt. Lè nou envesti nan nitrisyon jodi a, nou ap prepare yon pi bon avni pou timoun demen yo.

Se poutèt sa nitrisyon se:
 Yon kestyon Lasante
 Yon kestyon edikasyon
 Yon kestyon pwodiktivite
 Yon kestyon ekonomi
 Yon kestyon kapital imen
 Epi, sitou, yon kestyon devlopman

Nan ESUN (École Supérieure de Nutrition), nou kwè devlopman dirab pa posib san pwofesyonèl ki byen fòme nan domèn nitrisyon. Se poutèt sa nou angaje nou pou fòme jenerasyon espesyalis ki kapab pwodwi konesans, sèvi kominote yo, epi ranfòse sistèm nitrisyon an ann Ayiti ak lòt kote.

Si ou vle konprann kijan nitrisyon konekte ak lasante, edikasyon, ekonomi ak devlopman, etidye nitrisyon.wap sezi wè se pa sèlman chwazi yon metye; se chwazi patisipe nan transfòmasyon sosyete a.
• Envesti nan konesans.
• Envesti nan nitrisyon.
• Envesti nan devlopman.

Yon ti kesyon pou ou kap li teks sa a kounye a
"Si nitrisyon enfliyanse fason yon timoun aprann, fason yon granmoun travay, ak fason yon peyi devlope, èske se pa youn nan domèn ki gen plis enpak sou avni Ayiti?"
Nap kontan li repons ou yo itilize espas komantè a pou sa oswa rele nou pase wè nou visite nou nan Www.esunhaiti.com.

Formez-vous à la nutrition scientifique et transformez votre pratique — cours certifiants pour débutants et professionnels. Inscrivez-vous à la prochaine session. S'inscrire « Former aujourd’hui les experts qui nourriront le monde de demain. » Mieux nous connaître Notre Vision et Notre Mis...

Je viens d’atteindre 100 followers ! Merci pour votre soutien en continu. Je n’aurais jamais pu y arriver sans votre aid...
07/01/2026

Je viens d’atteindre 100 followers ! Merci pour votre soutien en continu. Je n’aurais jamais pu y arriver sans votre aide. 🙏🤗🎉

Ou vle gen yon metye ki stab, ki itil, epi ki kapab pote lajan? Chwazi etidye nitrisyon!Lekòl Siperyè de Nitrisyon (ESUN...
12/04/2025

Ou vle gen yon metye ki stab, ki itil, epi ki kapab pote lajan? Chwazi etidye nitrisyon!

Lekòl Siperyè de Nitrisyon (ESUN) ap louvri baryè li pou ou avèk bon jan fòmasyon, anliy oswa an prezans, pou adapte ak reyalite lavi ann Ayiti.

Enskripsyon ap fèt kounye a – Klas yo ap kòmanse mwa Me 2025

Fòmasyon ki disponib yo :

Mastè an Nitrisyon ak Dyetetetik – 16 mwa

Diplòm Inivèsitè Teknik (DUT) – 2 zan

Lisans an Nitrisyon ak Alimantasyon Imen – 4 an

Sètifika Etid Avanse (CEA) – 3 mwa

Poukisa ou ta dwe chwazi nitrisyon?
Paske se yon domèn k ap monte anpil jodi a. Gen anpil opòtinite travay :

Lopital, lekòl, òganizasyon, antrepriz manje, sant sante, antrenè pèsonèl, biznis pa w…

Epi ou ka sèvi kominote w pandan ou ap fè lajan !

Nitrisyon ou, Sante ou, Se Priorite nou

Antre an kontak avèk nou depi jodi a :
WhatsApp: https://wa.me/50937018233
Imèl : [email protected]
Adrès : 8, J. Perez, Dèlma 29, Ayiti
Telefòn : (509) 3781 5545 / 3896 7802

Fè nitrisyon tounen metye ou — vin chanje lavi ou ak lavi lòt moun!

https://whatsapp.com/channel/0029Vb5FdrFI1rcsL0FLyn39

9 Habitudes simples pour bien manger chaque jour – même avec peu de moyensManger sain ne veut pas dire dépenser beaucoup...
11/04/2025

9 Habitudes simples pour bien manger chaque jour – même avec peu de moyens

Manger sain ne veut pas dire dépenser beaucoup. Voici 9 choses essentielles que tu peux intégrer chaque jour pour renforcer ton corps et ton esprit :

1. Manje natirèl – Chwazi manje ki soti nan lanati (fig, bannann, patat, mayi, legim). Evite pi souvan manje ki sibi anpil transfòmasyon oswa ki gen anpil pwodwi chimik.

2. Manje ak balans – Pa manje twòp. Eseye plen mwatye vant ou ak manje, yon ti pati ak dlo, epi kite rès la vid pou dijesyon.

3. Manje cho & fre – Evite manje ki rete plis pase 24 èdtan. Chofe manje twòp ka fè l pèdi valè nitriitif li.

4. Pa manje vit – Pran tan ou, manje ak konsyans. Sa ede vant ou dijere pi byen.

5. Manje ak lanmou – Si ou ka, prepare manje ou ak kè poze. Pa manje pandan ou fache oswa prese.

6. Swiv sezon an – Manje selon sa sezon an bay. An été: mango, kenèp, melon; an ivè: bannann, yam, pwa.

7. Bwè dlo – Dlo pwòp se pi bon bwason. Evite bwason ki gen s*k oswa koulè.

8. Pa gaspiye – Tou sa ou gen, sèvi l ak rekonesans. Pa gaspiye ti manje senp yo.

9. Manje ak objektif – Pa manje pou plen vant sèlman, manje pou w gen fòs, sante ak bon enèji.

Sonje: Sa pa janm twò piti pou kò w – chak ti chwa ou fè konte!

https://whatsapp.com/channel/0029Vb5FdrFI1rcsL0FLyn39

Fòmasyon sou Nitrisyon, Disponib an prezans e an liyDekouvri Nitrisyon kòm zouti devlopman ak opòtinite karyè nan ESUNEs...
07/08/2024

Fòmasyon sou Nitrisyon, Disponib an prezans e an liy

Dekouvri Nitrisyon kòm zouti devlopman ak opòtinite karyè nan ESUN

Eske ou janm panse ke manje byen pou w an bon sante koute anpil kòb? Reflechi byen ankò! Nan Ecole Superieur de Nutrition (ESUN), nou kwe ke manje byen se yon dwa, pa yon Liks men tou yon zak responsab ou pa ta dwe pran alalejè. Vin jwenn nou pou w ka konnen kijan pou w byen manje san ou pa kraze ekonomi w.

Nitrisyon: Yon Pwofesyon ki an Demand

Eske w te Konnen ke nitrisyon se yon pwofesyon ki mande anpil? Nan ESUN, nou fòme lidè ki pral devlope nitrisyon moun. Pwogram Lisans Pwofesyonèl nan Nitrisyon ak Dietetik(Licence Professionnelle en Nutrition et Diététique) ap prepare w pou bay sèvis nitrisyon de kalite, ke se nan milye lopital oswa nan kominote.

Opòtinite Karyè ki mache ak Pasyon

Anplis wap bay swen nitrisyon ki enpòtan yo, pwogram Mastè an Nitrisyon ak Sante Popilasyon nou an(programme de Master en Nutrition et Santé des Populations) ouvè pot pou yon varyete de karyè pasyonan. Vin tounen yon espè nan jere entèvansyon nan manje ak nitrisyon moun, Ou prè pou w travay ak òganizasyon entènasyonal, ONG, oswa ajans Nasyonzini yo.

Yon Resous Ki Valab Pou Zòn Frankofòn nan Rejyon an

Pwofesyonèl ki fòme nan ESUN yo se yon resous rar ki Presye ki valab pou moun ki ap bay travay nan rejyon Fransè an. Lè w'ap fòme avèk nou, w'ap vin yon moun strikti gouvènmantal, ONG nasyonal ak entènasyonal, tankou òganizasyon entènasyonal yo ap chèche.

Pare pou pou w aji?

Vini jwenn nou nan ESUN epi kite nou gide w nan yon karyè ki ap ba ou anpil satisfaksyon nan domèn nitrisyon an. Dekouvri pwogram lekòl nou nan nitrisyon epi eksplore opòtinite pasyonan ki ap tann ou.

Vizite sit nou an jodi a pou aprann plis epi kòmanse vwayaj ou nan yon lavi pwofesyonèl ki ap bay ou plezi nan domèn nitrisyon an!

https://esunhaiti.com

Découvrez la Nutrition Au service du développement et les Perspectives de Carrière à l'Ecole Superieur de Nutrition - ES...
29/04/2024

Découvrez la Nutrition Au service du développement et les Perspectives de Carrière à l'Ecole Superieur de Nutrition - ESUN

Avez-vous déjà pensé que manger sainement était hors de portée financièrement? Détrompez-vous ! À l'École Supérieure de Nutrition (ESUN), nous croyons que la nutrition de qualité est un droit, pas un luxe, un acte responsable, pas anodin. Rejoignez-nous pour découvrir comment adopter une alimentation saine et améliorer votre santé sans casser votre tirelire.

La Nutrition : Une Profession en Demande

Saviez-vous que la nutrition est une profession hautement demandée ? À l'ESUN, nous formons les futurs leaders de la nutrition humaine. Notre programme de Licence Professionnelle en Nutrition et Diététique vous prépare à offrir des services nutritionnels de qualité, que ce soit dans des milieux hospitaliers ou communautaires.

Des Opportunités de Carrière Passionnantes

En plus de fournir des soins nutritionnels essentiels, notre programme de Master en Nutrition et Santé des Populations ouvre les portes à une multitude de carrières passionnantes. Devenez un expert en gestion des interventions en alimentation et nutrition humaines, prêt à travailler avec des organisations internationales, les entreprises agroalimentaires, des ONGs ou des agences des Nations Unies.

Une Ressource Précieuse pour la Sous-Région Francophone

Les professionnels formés à l'ESUN sont une ressource rare et précieuse pour les employeurs francophones de la sous-région. En vous formant avec nous, vous deviendrez un atout recherché par les structures gouvernementales, les ONGs nationales et internationales, ainsi que les organisations internationales.

Prêt à Passer à l'Action?

Rejoignez-nous à l'ESUN et laissez-nous vous guider vers une carrière enrichissante dans le domaine de la nutrition. Découvrez nos programmes universitaires en nutrition et explorez les opportunités passionnantes qui vous attendent.

Visitez notre site dès aujourd'hui pour en savoir plus et commencez votre parcours vers une vie professionnelle gratifiante dans le domaine de la nutrition !

www.esunhaiti.com

Ou sur notre application Android

https://play.google.com/store/apps/details/id=co.median.android.aryybm

Adresse

8, Rue J Perez, Delmas 29, Port-au-Prince
Delmas

Téléphone

+50938967802

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ecole Supérieure de Nutrition - ESUN publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Ecole Supérieure de Nutrition - ESUN:

Raccourcis

Partager

Catégorie