Niche Beauty Store

Niche Beauty Store COSMETICS CARE, BABY SUPPLY, SNACKS BAR

Pou n ede w achte yon kado pou moun espesyal ou a pou fèt manman an.   mete tout pafen     yo nan spesyal 50% OFF. Rabè ...
28/05/2026

Pou n ede w achte yon kado pou moun espesyal ou a pou fèt manman an. mete tout pafen yo nan spesyal 50% OFF. Rabè a se sèlman pou 2 jou; Vandredi ak Samdi 29-30 Me sèlman. Sonje byen, stok nou yo limite..... Pou plis enfòmasyon ou ka ekri nou nan WhatsApp 561-444-5876 🙏🙏🙏

29/04/2026

Map chèche 2 moun pou rantre nan ekip NICHE la. Si w gen eksperyans nan kosmetoloji
nou gen opòtinite travay pou ou.

YON NÒT POU KLIYAN NOU YO!!! Mwen pa konnen kijan lòt peyi yo fè sa, men sa m konnen; Ayiti se yon peyi kote ou ka peye ...
05/04/2026

YON NÒT POU KLIYAN NOU YO!!!

Mwen pa konnen kijan lòt peyi yo fè sa, men sa m konnen; Ayiti se yon peyi kote ou ka peye ladwann pou yon sèvis epi ou oblije tann pou plis pase 90 jou pou jwenn li.

Mwen petèt pa nan yon pozisyon pou m tande tout sa ki di yo, men mwen tande ase pou m konprann ke gen kèk nan nou ki pa gen okenn lide kijan nou menm, antanke yon ekip n ap travay di lajounen kou lannwit pou nou jwenn sa nou bezwen yo. Pou w fè biznis an Ayiti ou dwe pare pou w pran tout risk nesesè yo pou w ka atenn objektif yo. Sa m vinn konprann nan tout ane depi map fè biznis
Ayiti yo; yap ese ba w pwoblèm sou tout fòm.

Pou komanse, leta pa ba w regle anyen pou li malgre wap kreye travay. Sèlman chak ane fiskal yo se lajan yo konnen. Sosyete a ankò a bouch yo yap eseye detwi si w pa konn sa w ye; e ki enpòtans ou pou moun ki kwè nan ou yo 🤗

Pandan plizyè ane la map jere yon strès a koze douane sa. Mwen gen kèlke mwa la se pa Repiblik Dominikèn mwen voye kèk bwat jis pou m ede kèk kliyan ki gen dè bagay yo bezwen an ijan, lè nou fè sa nou jwenn yo pi vit men sa koute nou plis lajan.

🙏Mwen gen yon baz kliyan fidèl ki kwè nan nou pou plizyè rezon, men rezon prensipal la se kalite pwodwi nou yo. Tout sa nou vann nan Niche Beauty Store se responsablite pa nou pou n achte yo dirèkteman nan men founisè nou yo.
Malgre mwen tande plent yo epi mwen sipòte fristrasyon yo. Mwen toujou fè tout sa m kapab pou m voye pwodwi yo ba nou alè. Men, apre mwen fin n bay yo nan bato 🚢 yo pa sou kontwòl mwen ankò jiskaske ladwann ban m aksè pou m fè rès la.

Gen kèk nan nou k ap di "lè Claude te la Niche te konn plen nou te kon jwen tout sa nou vle". Wi sa se vre, se pa manti, nou vle konnen poukisa? paske lè Claude te vivan nou te gen yon dwann ki te an fonksyon epi nou te gen Madame Jeudi ki te gen yon bato ki te konn vin Gonayiv chak de semèn. E menm lè Claude te la, nou tout te gen responsablite pa nou. Mwen te toujou sèl moun ki an chaj pou m achte pwodwi yo, mete pri sou yo epi voye yo Haiti. Si gen yon bagay ki chanje nan Niche, se pa akoz Claude ki pa la. Bagay yo chanje nan Niche paske sitiyasyon an chanje nan peyi a, sitou nan Gonayiv.

Mwen vle nou konprann ke nou menm, antanke kèlkeswa sitiyasyon an nan Gonayiv, n ap toujou jwenn yon solisyon pou nou sèvi ou pi byen.

N-B**** Si ou pa nan sitiyasyon mwen an, ou p'ap janm konprann fristrasyon mwen yo.

NICHE #3 LOADING 90% 🤭🤭🤭🤭

Gèn yon bagay kap vini 🤫🤫🤫🤫🤫

27/03/2026

Pou tout kliyan m yo, mwen konnen nap tann lontan. Men kwè mwen, m ap travay sou de gwo pwojè pou nou tout; rete branche. Jis yon ti pasyans anplis 🙏🙏🙏

Pou moun ki vle NICHE fè yon panye 🧺 pou ST-VALENTINES an pou yo;  Nou vle fè w konnen nou fè yo sèlman sou pre-kòmand.P...
07/02/2026

Pou moun ki vle NICHE fè yon panye 🧺 pou ST-VALENTINES an pou yo; Nou vle fè w konnen nou fè yo sèlman sou pre-kòmand.

Pou moun ki voye mesaj kap mande m konbyen kòb nou fè basket yo; pri a baze sou sa ou vle mete ladan li. PRI A DEPANN DE PÒCH OU ❤️ 💙 💜 💖 💗

N-B- Epi si w gen plan pou w fè yon panye, patann dènye minit yo pou w fè sa, paske nou pap ka ede w akò stock nou limite. ....

14/12/2025

Menmsi ou wè nou pa poste anyen nan moman yo la, pa enkyete w n ap travay sou yon bon ti bagay pou kliyan nou yo.🤛

BONJOUR BONJOUR…. Pou moun ki te bezwen kat rabè yo nap fè yo disponib à pati de Vandredi 03, Oktòb juska Vandredi 10 Ok...
02/10/2025

BONJOUR BONJOUR…. Pou moun ki te bezwen kat rabè yo nap fè yo disponib à pati de Vandredi 03, Oktòb juska Vandredi 10 Oktòb. NB- kantite a limite 🤗🤗

04/09/2025

Nou konnen kijan sitiyasyon an ye nan Okap. Jiska prezan nou toujou ap tann machandiz nou yo 😔 😟 Pasyans SVP.

12/08/2025

M ap chèche yon pwofesyonèl ki konnen kijan pou SET-UP yon SISTÈM P.O.S "PROFESIONAL MWEN DI" MÈSI🙏

11/07/2025

Ou konnen toujou ap eseye ede w jwenn pifò nan pwodwi bote w ak bezwen pèsonèl ou yo.

Apati de Lendi 14 Jiyè rive Mèkredi 16 Jiyè, si ou fè yon acha 5,000 gds oswa plis n ap ba ou $500 (BON ACHA) ou 2,500 gds . Wap ka kòmanse itilize kat la apati de Jedi 17 Jiyè jiska 31 Desanm 2025. Sonje byen stok la limite, se sèlman 60 kat ki disponib.

N-B...... Pou w jwen kat la se nan (Avenue des dattes) la sèlman kat la disponib. Men si w gen chans jwen li; wap ka toujou itilize li nan tou de lokal Niche Beauty Store yo.

Pou plis enfòmasyon ou ka ekri nou sou WhatsApp nan 561-566-0506, mesaj sèlman mèsi.

Adresse

Rue Libertè #85
Gonaïves
4110

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 20:00
Mardi 10:00 - 20:00
Mercredi 10:00 - 18:00
Jeudi 10:00 - 18:00
Vendredi 10:00 - 18:00
Samedi 10:00 - 18:00
Dimanche 10:00 - 20:00

Téléphone

+50937452864

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Niche Beauty Store publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager