18/08/2026
Maten an nou pran yon moman pou nou di jan nou fyè de zanmi pèsonèl Klinik Horeb,
Santana Lorial , ki fèk resevwa sètifika li nan REN kòm Fòmatris nan Sante Kominotè. 🎓❤️
Se yon bèl reyalizasyon ki montre angajman li pou aprann, grandi epi mete konesans li nan sèvis kominote a.
Miss Santana, nou felisite w pou bèl etap sa a! 👏🏽
Kontinye avanse, kontinye aprann, kontinye sèvi. Paske lè yon moun grandi, se tout kominote a ki grandi ansanm avè l. 🌱❤️
Klinik Horeb fyè de ou!