12/05/2026
12 Me : Jounen Entènasyonal Enfimyè ak Enfimye
Chak ane, 12 me make Jounen Entènasyonal Enfimyè ak Enfimye atravè mond lan. Dat sa chwazi pou rann omaj ak travay pwofesyonèl swen yo ki jwe yon wòl santral nan pwoteksyon lavi ak diyite moun. Men jounen sa pa dwe sèlman sèvi pou selebre; li dwe sèvi tou pou reflechi sou kondisyon travay enfimyè ak enfimye yo, sou kriz sistèm sante a fè fas, ak sou nesesite pou konstwi yon modèl swen ki pi jis, pi imen, epi pi aksesib pou mas popilè yo.
Pou ane 2026 la, tèm ofisyèl la se:
“Enfimyè nou yo. Avni nou. Bay enfimyè ak enfimye yo plis pouvwa pou sove lavi.”
Tèm sa mete aksan sou nesesite pou amelyore kondisyon travay, lidèchip, sekirite ak rekonesans pwofesyonèl enfimyè ak enfimye yo pou yo kapab jwe wòl yo nèt nan transfòmasyon sistèm sante a.
Istwa jounen an ak kontèks li
Jounen entènasyonal sa soti nan inisyativ International Council of Nurses (ICN), yon òganizasyon entènasyonal enfimyè ki te pwopoze depi ane 1965 pou gen yon jou espesyal pou rekonèt kontribisyon pwofesyon an.
Yo chwazi dat 12 me paske se dat nesans Florence Nightingale, yon fanm britanik anpil moun konsidere kòm fondatè swen enfimyè modèn nan. Pandan Lagè Krime a, li te òganize swen pou sòlda blese yo nan kondisyon ki te ekstrèmman difisil. Travay li te montre kijan ijyèn, òganizasyon lopital ak disiplin nan swen kapab diminye lanmò kapab konsève lavi.
Men istwa pwofesyon an pa dwe limite sèlman ak vizyon ewoik yon sèl moun. Devlopman swen enfimyè se rezilta batay plizyè jenerasyon travayè sante ki te goumen pou dwa pasyan yo, aksè ak swen, ak rekonesans sosyal pwofesyon an.
Wòl enfimyè ak enfimye nan sosyete a
Enfimyè ak enfimye yo se poto mitan sistèm sante a. Yo prezan nan lopital, sant sante, kominote, lekòl, kanpay vaksinasyon, ijans, ak nan swivi moun ki pi vilnerab yo. Yo pa sèlman bay medikaman; yo akonpaye moun nan soufrans li, ede prevansyon maladi, epi soutni lavi kominote yo.
Malgre enpòtans sa, anpil sistèm sante trete pwofesyon an tankou yon fòs travay yo kapab eksplwate san limit.
Fason yo trete enfimyè ak enfimye yo
Kesyon sante pa ka separe ak kesyon jistis sosyal. Nan anpil peyi, espesyalman peyi yo fè pòv yo enfimyè ak enfimye yo sibi:
move kondisyon travay;
salè ki pa koresponn ak kantite travay yo;
mank materyèl ak ekipman;
ensekirite nan lopital;
twòp èdtan travay san repo;
mank sipò sikolojik;
migrasyon fòse akoz mizè ak enstabilite.
Pandan pandemi COVID-19 la, anpil enfimyè ak enfimye te ekspoze lavi yo san pwoteksyon ase. Gen anpil kote yo rele yo “ewo”, men an menm tan yo pa jwenn kondisyon minimòm pou viv ak travay avèk diyite.
Genyen tou yon gwo pwoblèm privatizasyon sistèm sante yo. Lè sante tounen biznis, swen pa òganize selon bezwen popilasyon an ankò, men selon kapasite moun genyen pou peye. Sitiyasyon sa mete plis presyon sou enfimyè ak enfimye yo, pandan pasyan pòv yo vin plis abandone.
Pwoblèm prensipal sistèm swen yo
Jounen jodi a, sistèm sante yo ap fè fas ak plizyè gwo defi:
1. mank pèsonèl kalifye;
2. move jesyon resous yo;
3. inegalite ant vil ak pwovens;
4. aksè limite ak swen pou klas popilè yo;
5. depandans sou èd entènasyonal;
6. absans politik piblik serye pou sante.
Nan anpil espas, enfimyè ak enfimye yo travay anba presyon san mwayen teknik ak medikal ki nesesè. Sa afekte kalite swen popilasyon an resevwa.
Pwopozisyon pou amelyorasyon
Pou sante konsidere kòm yon dwa fondalnatal, pa kòm yon machandiz. Pou sa fèt, li nesesè:
ogmante bidjè leta pou sante piblik;
amelyore salè ak kondisyon travay enfimyè ak enfimye yo;
garanti materyèl ak medikaman nan sant sante yo;
devlope fòmasyon kontinyèl ak espesyalizasyon;
kreye pwoteksyon sosyal ak sipò sikolojik pou travayè sante yo;
ranfòse sistèm sante kominotè yo;
ankouraje sendikalizasyon ak patisipasyon pwofesyonèl sante yo nan desizyon piblik.
Yon sosyete pa ka pale de devlopman pandan travayè sante li yo ap viv nan prekèsite.
Konklizyon
12 me pa dwe sèlman yon jou flè ak diskou senbolik. Se yon moman refleksyon sou valè lavi moun ak sou plas travayè sante yo nan sosyete a. Batay enfimyè ak enfimye yo se pa sèlman yon kesyon pwofesyonèl; se yon kesyon diyite, jistis sosyal, ak dwa pèp yo genyen pou jwenn swen kalite.
San respè pou travayè sante yo, pa gen sistèm sante solid. E san yon sistèm sante ki chita sou egalite ak solidarite, pa ka gen vrè pwogrè sosyal.
Tèm 2026 la raple nou klèman ke bay enfimyè ak enfimye yo plis pouvwa, plis sekirite ak plis respè, se yon nesesite pou sove lavi epi konstwi yon avni ki pi jis pou tout moun. 🙌🏾
Miss Sergeline NAZULUS Enfimyè Lisansye Miltan Angaje feminis.