Nurse Clara Guillaume

Nurse Clara Guillaume Pour vos promotions ou collaborations, écrivez-moi à : [email protected] Paj sila egziste jis pou enfomew sou sijè sante e valorize pwofesyon enfimyè!

Soins infirmiers | Conseils de santé | Motivation | Promotion de votre entreprise | Joie de vivre
Bienvenue sur un espace dédié au bien-être, à l’information et à l’inspiration !

Nòmalman, anpil fi remake atitid yo chanje selon etap s*k règ yo.Anvan règ la rive, anpil nan nou ka santi nou pi tris, ...
09/07/2026

Nòmalman, anpil fi remake atitid yo chanje selon etap s*k règ yo.

Anvan règ la rive, anpil nan nou ka santi nou pi tris, pi sansib oswa pi fasil fache.

Lè règ la fèk kòmanse, anpil nan nou santi nou fatige, san enèji oswa anvi repoze.

Pandan ovilasyon, anpil fanm santi yo gen plis enèji, pi aktif e yo nan pi bon dispozisyon.

Natirèlman, chak kò diferan. Se pa tout fi ki viv menm eksperyans lan.

E ou menm, kijan ou santi w nan diferan etap s*k règ ou? 😊

Clara Guillaume

Nou konn wè chosèt jwè foutbòl yo gen twou konsa , nou konn panse se mòd oswa mistik. Men se pa toujou sa.Anpil jwè fè t...
07/07/2026

Nou konn wè chosèt jwè foutbòl yo gen twou konsa , nou konn panse se mòd oswa mistik. Men se pa toujou sa.

Anpil jwè fè ti twou nan chosèt yo pou diminye presyon sou misk dèyè janm yo (mole a), sa ki ka ede yo santi yo pi alèz pandan match oswa antrènman.

Sepandan, pa gen prèv syantifik solid ki montre teknik sa a diminye risk blesi oswa amelyore pèfòmans yo.
Se sitou yon preferans pèsonèl kèk jwè.

Pa kouri jije sa w wè sou teren an konsa .

Clara Guillaume

06/07/2026

Maten an , m fon eksplore sit Ministère de la Santé Publique et de la Population , anpil pogrè fèt, m menm dekouvri kèk sèvis tankou kote ou ka fon demande de permis d’exercer sitou moun ki lwen Kapital la.
1)Monte sou sit la mspp.gouv.ht
2)ale nan Services et Outils
3)chwazi Demande de permis d’exercer

Eske gen nan nou ki eseye li deja ?

Nan seksyon sa ou ka menm verifye Inivèsite ak lekòl ke Ministè a rekonèt, verifye otensite permis d’exercer yo, verifye rezilta , medikaman eksetera….

Siw te eseye deja ba nou feedback stp!
Siw poko , m envite ou eseye !

05/07/2026

Medam, Mesye,

Antibyotik pa trete enfeksyon viral, tankou grip ak anpil lòt maladi viris lakòz.

Pran antibyotik sèlman lè yon pwofesyonèl lasante preskri ou li.

Move itilizasyon antibyotik ka fè bakteri yo vin rezistan, sa ki ka fè enfeksyon yo vin pi difisil pou trete.

Pwoteje sante w.

𝐎𝐏𝐏𝐎𝐑𝐓𝐔𝐍𝐈𝐓𝐄́ 𝐃𝐄 𝐓𝐑𝐀𝐕𝐀𝐈𝐋  📌 ___ MSF Belgique lance un avis de recrutement pour 𝐪𝐮𝐚𝐫𝐚𝐧𝐭𝐞-𝐭𝐫𝐨𝐢𝐬 ( 43) infirmiers-ères pour ...
03/07/2026

𝐎𝐏𝐏𝐎𝐑𝐓𝐔𝐍𝐈𝐓𝐄́ 𝐃𝐄 𝐓𝐑𝐀𝐕𝐀𝐈𝐋 📌

___ MSF Belgique lance un avis de recrutement pour 𝐪𝐮𝐚𝐫𝐚𝐧𝐭𝐞-𝐭𝐫𝐨𝐢𝐬 ( 43) infirmiers-ères pour son projet à Bourdon.

_____ Date limite : 8 Juillet 2026 !

_____________________________

P/S : Si nou bezwen kout men pou CV ak lèt motivasyon, Jonurse prè pou m ede nou !

 Depi w chwazi pou w vin yon enfimyè 👩‍🔬Ou dakò pou'w kenbe vi prive malad yo sekrè Ou dakò benyen,netwaye kò malad la s...
03/07/2026



Depi w chwazi pou w vin yon enfimyè 👩‍🔬
Ou dakò pou'w kenbe vi prive malad yo sekrè
Ou dakò benyen,netwaye kò malad la sil nesesè, bay pasyan manje depi l pa Kapab fè l pou kont li ...

Fè pansman, ranje kabann nòmalman
dyaloge, konprann malad la nan tout dimansyon fizik e moral etc ...

🛑Ou pa dwe la pou w pote jijman sou kalite moun nan oswa sitiyasyon li ye a.

Nivo sosyal oswa kalite maladi pasyan an genyen pa dwe afekte swen wap fè pou li nan moman li malad la...
Pa plede poze malad la Kesyon ki pa konsène pwoblem li an , sa pa rantre nan kolaborasyon malad la ak ou🤐( respekte lavi prive'l)

Li ka vle eksplike w lavi pèsonèl li pou'w ede l jwenn yon solisyon men ou pa dwe fose li .

Nenpot pèsonèl sante ka tonbe malad nenpot ki lè donk aji avek prekosyon pou'w ka konprann lè yon moun malad devan'w
Ba li tout swen li merite, se dwa l!

©️José, Rose Liza
Infirmiere👍👌

Eske nou tande ?Housing Works Haiti
03/07/2026

Eske nou tande ?

Housing Works Haiti

Apre Akouchmanm, mwen te santi m vid. Mwen t’ap pede bliye, memwa m pa t fidèl menm jan ankò, epi mwen te tonbe nan depr...
30/06/2026

Apre Akouchmanm, mwen te santi m vid. Mwen t’ap pede bliye, memwa m pa t fidèl menm jan ankò, epi mwen te tonbe nan depresyon. Mwen te panse se te yon pwoblèm mwen te genyen.

Se sèlman apre mwen te patisipe nan kèk echanj ak lòt fanm, fè kèk rechèch epi chèche konprann sa k t ap pase m, mwen te vin reyalize kò m te sibi anpil chanjman apre gwosès ak akouchman.

Pandan lontan, mwen te blame tèt mwen. Mwen te menm rive rayi tèt mwen, paske mwen te toujou panse se te fòt pa m, se neglijans mwen. Mwen te bouke ap chèche solisyon, san m pa t konnen se kò m ki te bouke e se òmòn mwen yo ki t ap fè tout chanjman sa yo. Men, finalman, mwen te konprann se pa t fòt mwen ditou. Se te konsekans natirèl gwosès la ak akouchman an.

Jodi a, mwen kwè chak fanm ansent ak chak manman ki fèk akouche merite sipò, konpasyon ak anpil konpreyansyon. Yo ta dwe gen aksè ak sipò s*kolojik lè yo bezwen sa.

Epi, sa ki pi enpòtan an, pèsonn pa gen dwa mete presyon sou yon fanm pou fè pitit. Fè yon timoun se yon gwo responsablite, e eksperyans chak fanm inik, sa ki dwe respekte.

Si w se yon manman k ap viv menm sitiyasyon an, tanpri pa blame tèt ou. Bay tèt ou tan, chèche sipò, epi sonje ou pa poukont ou. ❤️

Clara Guillaume Nurse Clara Guillaume
Konbit Fèt Manman

📷Moïse Didier

29/06/2026

Cas clinique

Un homme de 62 ans consulte aux urgences pour une douleur abdominale intense évoluant depuis 24 heures. La douleur, initialement localisée dans l’épigastre, est devenue diffuse. Il présente des vomissements, une distension abdominale et n’a émis ni selles ni gaz depuis 48 heures.

À l’examen clinique :

Température : 38,8 °C
Pression artérielle : 90/60 mmHg
Fréquence cardiaque : 128 battements/min
Abdomen distendu, très douloureux, avec défense généralisée.
Bruits hydro-aériques absents.

Les examens biologiques montrent :

-Hyperleucocytose à 22 000/mm³
-CRP : 280 mg/L
-Lactates : 5,8 mmol/L

Le scanner abdominal révèle :

-Une importante distension des anses intestinales.
-Un épaississement pariétal intestinal.
-La présence d’air dans la paroi intestinale (pneumatose intestinale).
-Un défaut de rehaussement d’un segment du grêle après injection de produit de contraste.

Quel est le diagnostic le plus probable selon vous ?

A. Occlusion intestinale simple

B. Ischémie mésentérique aiguë

C. Pancréatite aiguë

D. Appendicite aiguë

Adresse

Port-au-Prince
GA30035

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Nurse Clara Guillaume publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Nurse Clara Guillaume:

Raccourcis

Partager