20/05/2026
Lizay! Nou kontan rantre lakay ou e mèsi paske w louvri baton pòt ou byen lay pou kite n rantre fè ti koze ak ou.
Jodi a nou pral fè yon ti bat bouch sou yon maladi ki kòmanse simen latwoublay nan lemonn, kote anpil moun pa sispann panse a reviv kochma la te pote kèk lane anvan. Alòs, nou twouve li nesesè pou pote limyè pou ou, nou pral pale sou .
?
se yon fanmi viris zowonotik. Sa vle di se bèt ki rive transmèt li a moun. Nan ka viris sa yo, se sourit ak rat ki plis responsab. Se pa tout antviris yo ki lakoz maladi kay moun, se sitou espès (SNV) ki responsab pi fò ka maladi a kay moun.
?
Viris la rive transmèt lè yon moun rantre an kontak dirèk ak p**i, twalèt ou menm krache ronjè (sourit, rat...) ki te kontamine. Nan ka ki pi ra yo, si ronjè a ta rive mòde w.
Jiska jounen jodi a, pa gen twòp risk pou yon moun ta bay yon lòt moun maladi a, rezon ki fè risk pou ta gen yon pandemi tankou Kowonaviris la minim anpil. Syantifik yo fè konnen fòk ta gen yon kontak dirèk epi pwolonje ant yon moun ki enfekte ak yon lòt ki pa malad pou viris la ta rive transmèt. Yo pale de minimòm inèdtan.
Jeneralman premye sentom yo kòmanse ant 6-8 semenn aprè ekspozisyon a viris la. E kòm viris yo pa menm, sentom yo ka varye tou. Men ap toujou gen fyèv, tèt fè mal, doulè miskilè, vant fè mal, noze, vomisman, dyare tou.
Akoz siy ak sentom yo sanble tèt koupe ak sa nou abitye wè chak jou yo, li vin parèt difisil nan kòmansman pou diferansye yon ka Antaviris ak yon malaria, tifoyid. Rezon ki fè li enpòtan pou pa kenbe moun nan lakay depi siy ak sentom sa yo prezan, paske tousuit aprè yo nou pral jwenn difikilte respirasyon yo ki souvan kòmanse ak yon tous san rete, souf anlè epi yon edèm nan poumon yo (dlo nan poumon), sa ki ka lakoz moun nan pèdi lavi l.
Se analiz laboratwa yo ki pral konfime prezans viris la.
Menm jan ak Kowonaviris la, pa gen yon trètman espesifik kont Antaviris yo. Prizanchay la fèt tou depann siy ak sentòm malad la prezante yo.
Menm si risk pou pandemi an minim, sa pa vle di nou dwe sispann vijilan, alòs nou dwe pran kèk mezi prekosyon tankou : Kenbe kay nou pwòp, lave men nou avan nou manje, sonje lave mamit lèt yo avan nou louvri yo, pa sitire rat, sourit lakay nou.
Sonje Antaviris pa Kowonaviris, pa pran nan fo nouvèk, pa fè kè sote!
Rete pridan, dayè se .
Pa ezite poze kesyon epi pataje pou lòt ka enfòme.
Mèsi.