11/03/2026
Kijan yo fè egzamen pwostat lakay gason?
Pwostat la se yon ti glann ki fè pati sistèm repwodiktif gason an, li chita anba blad p**i a, devan rektòm nan. Li ede pwodui likid ki antre nan konpozisyon espèm nan.
Gen plizyè egzamen doktè kapab fè pou verifye eta pwostat la.
Egzamen pa touche (Toucher re**al)
Se youn nan egzamen doktè itilize pou evalye pwostat la.
Kijan yo fè li?
Doktè a mete gan medikal
Li mete yon ti jèl lubrifyan sou dwèt li
Li antre dwèt li dousman nan twou dèyè (a**s) pasyan an
Li touche pwostat la atravè miray rektòm nan pou verifye gwosè, fòm ak konsistans li.
Èske sa fè mal?
An jeneral, egzamen an pa ta dwe fè anpil mal. Men, kèk gason kapab santi yon ti presyon oswa yon ti malèz.
2. Egzamen san PSA
Yo pran yon ti kantite san nan venn pasyan an pou mezire yon sibstans ki rele PSA (Antigèn Pwostat Espesifik).
Egzamen sa kapab ede detekte🙌
Ogmantasyon pwostat
Enflamasyon pwostat
Yon posiblite kansè pwostat
Yon PSA ki wo pa vle di otomatikman moun nan gen kansè.
Ekografi pwostat (Échographie)
Se yon egzamen ki sèvi ak ond son pou bay imaj pwostat la.
Li kapab ede doktè a🙌
Mezire gwosè pwostat la
Verifye si li ogmante
Evalye kèk pwoblèm ki gen rapò ak blad p**i a.
IRM pwostat
Se yon egzamen imajri ki bay plis detay sou pwostat la.
Li kapab ede doktè a idantifye zòn ki sispèk epi deside si gen nesesite pou fè biyopsi.
Biyopsi pwostat
Lè doktè a sispèk gen kansè, li kapab pran kèk ti moso tisi nan pwostat la pou laboratwa analize yo.
Se biyopsi a ki kapab konfime prezans kansè lè yo jwenn selil kansè nan tisi a.
Pataje, abòne, Lak
Nurse Lourdemia 🧑⚕️🩺🌄