04/22/2026
Haitian Health Institute se yon òganizasyon kominotè ki angaje pou sipòte ak amelyore lavi fanmi imigran yo nan Boston atravè edikasyon, sante, ak devlopman jèn yo.
Foto sa yo soti nan Immigrant Youth Advancement Program, yon inisyativ nou te òganize an kolaborasyon ak Mayor’s Office for Immigrant Advancement.
Pwogram sa a te pèmèt jèn ki gen ant 14 ak 24 ane devlope ladrès esansyèl tankou:
✔️ Konprann istwa ak sistèm Etazini
✔️ Ladrès informatique ak kominikasyon
✔️ Amelyorasyon lang anglè (ESOL)
✔️ Dwa ak responsablite sivik
✔️ Kijan pou chèche travay (job readiness)
✔️ Bon jan itilizasyon kredi ak jesyon finans pèsonèl
Angajman ak patisipasyon jèn yo reflete enpak dirèk pwogram nan sou preparasyon yo pou lavi akademik ak pwofesyonèl.
Nou rete angaje pou kreye plis opòtinite ki ede jèn yo grandi, vin endepandan, epi reyisi.
Swiv paj nou an pou rete enfòme sou pwochen pwogram ak opòtinite yo.