Pédiactu

Directions Website Contact the business

Pédiactu De bien naître en bien-être🤰🏾👶

10/20/2026
🤣🤣🤣
10/19/2026

🤣🤣🤣

BEBE KI RENMEN KOUCHE SOU VANT PANDAN L AP DÒMI: ÈSKE SA DANJERE?Chak swa, ou mete bebe w la kouche sou do nan bèso li. ...
10/19/2026

BEBE KI RENMEN KOUCHE SOU VANT PANDAN L AP DÒMI: ÈSKE SA DANJERE?

Chak swa, ou mete bebe w la kouche sou do nan bèso li. Men, depi kèk jou, ou remake lè ou leve nan maten, li sou vant. Ou kòmanse enkyete paske ou toujou tande bebe pa dwe dòmi sou vant.

Èske ou dwe kontinye vire l sou do chak fwa ou jwenn li sou vant?

🔹 SOU DO, SE POZISYON KI PI AN SEKIRITE!

Dapre Akademi Ameriken Pedyatri (AAP), tout bebe dwe toujou kòmanse dòmi sou do, ni lajounen ni lannwit, depi yo fèt jiskaske yo gen yon ane. Dòmi sou vant oswa sou kote ogmante risk sendwòm lanmò sibit bebe, ansanm ak lòt lanmò ki gen rapò ak dòmi, tankou etoufman aksidantèl.

Menm bebe ki konn rejijite oswa ki gen refli dwe dòmi sou do. Pozisyon sa a pa ogmante risk pou yo toufe ak lèt yo rejijite a.

🔹 E SI BEBE A VIRE SOU VANT POUKONT LI?

An jeneral, bebe yo kòmanse aprann vire pandan premye mwa devlopman yo, souvan anviwon 4-6 mwa.

Lè bebe w la kapab vire poukont li nan toude sans, sa vle di soti sou do ale sou vant epi soti sou vant retounen sou do, ou pa oblije reveye l oswa kontinye vire l sou do chak fwa li chanje pozisyon pandan dòmi.

Sepandan, si li poko kapab vire nan toude sans epi ou remake li sou vant, ou ka remete l sou do.

Menm lè bebe a kapab vire poukont li, ou dwe toujou mete l kouche sou do nan kòmansman chak dòmi!

🔹 PA METE ANYEN NAN BÈSO A POU ANPECHE L VIRE!

Pa sèvi ak zòrye, sèvyèt woule, kousen pozisyonman oswa lòt aparèy pou bloke bebe a. Objè sa yo kapab ogmante risk etoufman.

Pou yon dòmi ki pi an sekirite:

✅ Sèvi ak yon matla fèm, plat, ki pa panche, epi ki byen adapte ak bèso a.
✅ Mete sèlman yon dra elastik ki byen fikse sou matla a.
✅ Retire zòrye, lenn, jwèt nounous ak pwoteksyon ranboire ki antoure bèso a.
✅ Si li fè frèt, sèvi ak yon pijama oswa yon sak dòmi pou bebe ki apwopriye ak tanperati a, san pwa ajoute.
✅ Sispann vlope bebe a sere nan dra depi li kòmanse montre siy li pral vire.
✅ Fè bebe a dòmi nan pwòp bèso li, nan menm chanm ak paran yo, depreferans pandan omwen premye 6 mwa yo.

🔹 ANKOURAJE BEBE A DEVLOPE MISK LI!

Pandan bebe a reveye, mete l sou vant pou ti moman, sou sipèvizyon yon granmoun.
Egzèsis sa a, yo rele tummy time, ede ranfòse misk kou, zepòl ak kò bebe a. Li ede l devlope kapasite pou leve tèt li, vire epi prepare l pou lòt etap devlopman motè yo.

Men sonje: sou vant pou jwe, sou do pou kòmanse dòmi!

Lè bebe w la kòmanse vire poukont li pandan dòmi, sa kapab yon etap nòmal nan devlopman li.
Men, kapasite pou vire pa vle di tout risk etoufman disparèt. Sekirite li toujou depann de pozisyon ou mete l pou dòmi ak anviwònman kote l ap dòmi an.

YON BÈSO VID, YON MATLA FÈM AK YON BEBE KOUCHE SOU DO, SE 3 BON REFLEKS KI KA SOVE LAVI!

Pédiactu

PREMYE ETAP NAN DEVLOPMAN KONTWÒL TÈT YON BEBE (0-6 MWA)Kontwòl tèt se youn nan premye gwo etap nan devlopman motè bebe ...
10/19/2026

PREMYE ETAP NAN DEVLOPMAN KONTWÒL TÈT YON BEBE (0-6 MWA)

Kontwòl tèt se youn nan premye gwo etap nan devlopman motè bebe a. Li depann de matirite sistèm nève a ak devlopman misk kou, zepòl ak pati anlè kò a.

KIJAN KONTWÒL TÈT LA DEVLOPE?

🔹 0-4 semèn (premye mwa): Misk kou bebe a poko gen ase fòs pou soutni tèt li. Lè ou leve l oswa kenbe l nan bra w, tèt li ka panche dèyè oswa sou kote. Se poutèt sa ou dwe toujou soutni tèt li ak kou li.

🔹 Anviwon 2 mwa: Lè bebe a kouche sou vant pandan li reveye, li kòmanse leve tèt li pou yon ti tan. Sepandan, kontwòl tèt li poko estab, epi li toujou bezwen sipò lè w ap pote l.

🔹 Anviwon 4 mwa: Majorite bebe kapab kenbe tèt yo dwat, san li pa balanse anpil, lè yon granmoun kenbe yo nan bra. Lè yo kouche sou vant, yo kapab leve tèt yo ak pati anlè pwatrin yo pandan yo apiye sou avanbra yo.

🔹 Anviwon 6 mwa: Kontwòl tèt la vin pi byen etabli. Bebe a kapab kenbe tèt li estab pandan li ap deplase kò li, vire oswa eseye chita avèk sipò. Li kòmanse sèvi ak men li pou soutni kò li lè li chita.

POUKISA TÈT LA SE YOUN NAN PREMYE PATI KÒ BEBE A LI APRANN KONTWOLE?

Devlopman motè bebe a suiv yon prensip nou rele devlopman sefalokodal (céphalo-caudal). Sa vle di kontwòl mouvman yo devlope jeneralman soti nan tèt ak kou, pou desann nan direksyon pati anba kò a.
Se konsa bebe a aprann kontwole tèt li anvan li rive chita poukont li, kanpe epi mache.

Sepandan, devlopman sa a pa fèt egzakteman menm jan ni nan menm vitès lakay tout bebe.

KIJAN POU W EDE BEBE W LA?

✅ Mete bebe a sou vant pandan li reveye, sou sipèvizyon yon granmoun (tummy time). Kòmanse ak ti sesyon kout epi ogmante yo piti piti selon tolerans li.

✅ Ankouraje l leve tèt li avèk jwèt oswa lè ou pale avè l.

✅ Toujou soutni tèt ak kou li toutotan kontwòl tèt li poko estab.

❌ Pa rale bebe a nan ponyèt pou fè l chita oswa pou teste fòs kou li. Manèv sa a dwe fèt sèlman nan kad yon egzamen klinik apwopriye.

KILÈ POU W ENKYETE?

Si bebe w la rive nan laj 4 mwa epi li toujou pa kapab kenbe tèt li estab lè w kenbe l nan bra w, li enpòtan pou yon pedyat evalye devlopman motè li.
Konsilte tou si bebe a parèt twò mou, twò rèd, sèvi ak yon bò kò li plis pase lòt la oswa pèdi yon kapasite li te deja genyen.

Pou bebe ki fèt prematire, pwofesyonèl sante yo itilize laj korije a pou evalye etap devlopman yo.

Sonje ke chak bebe gen pwòp ritm devlopman pa li, men gen etap enpòtan nou dwe siveye. Lè gen yon reta oswa yon siy ki pa nòmal, pa tann san ou pa mande konsèy medikal.

Pédiactu PédiActu Fam Pédiactu Family (PédiactuFam)

🎀JOU 19 - MIT OSWA REYALITE?SOUTYEN, DEODORAN, TELEFÒN AK LÒT RIMÈ SOU KANSÈ NAN TETE.Gen anpil enfòmasyon k ap sikile s...
10/19/2026

🎀JOU 19 - MIT OSWA REYALITE?

SOUTYEN, DEODORAN, TELEFÒN AK LÒT RIMÈ SOU KANSÈ NAN TETE.

Gen anpil enfòmasyon k ap sikile sou sa ki ta ka lakòz kansè nan tete. Men, se pa tout sa nou tande ki baze sou prèv syantifik.

1. Soutyen, sitou sa ki gen fè anba yo, lakòz kansè nan tete? MIT. Pa gen prèv syantifik solid ki montre mete soutyen, menm soutyen ki sere oswa ki gen fè, ogmante risk kansè nan tete.

2. Deodoran ak antitranspiran lakòz kansè nan tete? PA DEMONTRE. Etid ki disponib yo pa etabli yon relasyon kozatif ant itilizasyon pwodui sa yo ak kansè nan tete. Rechèch ap kontinye sou kèk engredyan, men pa gen rezon pou prezante yo kòm yon kòz kansè ki pwouve.

3. Mete telefòn nan soutyen ka bay kansè nan tete? PA DEMONTRE. Pa gen prèv syantifik konvenkan ki montre mete yon telefòn mobil toupre tete lakòz kansè. Telefòn yo emèt radyasyon radyofrekans ki pa iyonizan, diferan de reyon X.

4. Yon kou oswa yon chòk nan tete ka lakòz kansè? MIT. Yon chòk pa rekonèt kòm yon kòz kansè nan tete. Sepandan, li ka lakòz yon boul oswa yon chanjman nan tisi tete a ki bezwen evalyasyon si li pèsiste.

5. Si pèsonn nan fanmi mwen pa gen kansè nan tete, mwen pa ka genyen li? MIT. Pifò fanm ki devlope kansè nan tete pa gen yon istwa familyal maladi a. Absans istwa familyal pa elimine risk la.

🎀 Prevansyon pa dwe baze sou rimè. Faktè risk ki byen dokimante yo gen ladan yo laj, sèten mitasyon jenetik, konsomasyon alkòl ak kèk ekspozisyon òmòn. Konnen nivo risk ou epi suiv rekòmandasyon depistaj ki adapte ak ou.

🎀 JOU 18 - BIOPSI NAN TETE POUKISA YO FÈ LI, EPI ÈSKE BIOPSI VLE DI OU GEN KANSÈ?Lè yon pwofesyonèl sante dekouvri yon b...
10/18/2026

🎀 JOU 18 - BIOPSI NAN TETE

POUKISA YO FÈ LI, EPI ÈSKE BIOPSI VLE DI OU GEN KANSÈ?

Lè yon pwofesyonèl sante dekouvri yon boul oswa yon anomali nan tete, li ka rekòmande yon biopsi pou detèmine egzakteman ki kalite chanjman ki prezan.

Biopsi tete se yon pwosedi medikal kote yo pran yon ti echantiyon tisi pou egzamine li anba mikwoskòp. Li pèmèt patolojis la chèche selil kansè epi idantifye lòt maladi ki ka afekte tete a.
Fè yon biopsi pa vle di ou gen kansè. Anpil biopsi tete bay rezilta ki pa kansè, tankou fibroadenom oswa chanjman fibwokistik.

Nan anpil ka, yo itilize yon zegwi espesyal, sou anestezi lokal, avèk èd ekografi, mamografi oswa IRM pou gide prélèvman an. Yon operasyon ka nesesè nan kèk sitiyasyon.
Si biopsi a konfime kansè, analiz tisi a ede detèmine karakteristik timè a, tankou reseptè òmòn ak HER2, ki enpòtan pou chwazi tretman ki pi apwopriye.

Èske biopsi ka fè kansè gaye? Prèv syantifik yo montre risk pou yon biopsi ak zegwi lakòz pwopagasyon kansè a ekstrèmman ba. Se poutèt sa, yo pa dwe refize yon biopsi ki nesesè akoz rimè sa a.

🎀 Biopsi se yon zouti pou jwenn yon dyagnostik, se pa yon kondanasyon. Lè yon egzamen montre yon anomali ki sispèk, li enpòtan pou fè evalyasyon ki rekòmande yo.

10/17/2026

Chak mwen di nou sa nou pa janm vle konpann ke alètman pa vle di bay tete sèlman. Alètman vle di ke bebe a bwè lèt sèlman, kit se lèt manman osinon lèt fòmil (mamit).

Address

New York, NY

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Pédiactu posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Pédiactu:

Shortcuts

Share